Delivrans soti nan Letènèl
3
Se yon sòm David te ekri,
Lè li t ap kouri pou Absalon,
pitit gason l lan.
2 O Letènèl,
ala anpil lènmi m yo anpil!
Ala anpil moun ki leve kont mwen yo anpil!
3 Gen anpil k ap pale sou mwen,
k ap di:
Pa gen delivrans pou li devan Bondye!
– Poze!
 
4 Men,
ou menm Letènèl,
ou se yon boukliye toutotou mwen.
Se ou ki glwa mwen;
se ou menm ki leve tèt mwen.
5 Mwen leve vwa m pou m kriye bay Letènèl a,
Epi li reponn mwen sou montay li a ki sen.
– Poze!
6 Mwen kouche epi mwen dòmi.
Mwen leve,
paske Letènèl ap soutni mwen.
7 Mwen pa pè tout pil moun sa yo
Ki sènen m toupatou pou atake m.
 
8 Leve non,
Letènèl!
Sove m non,
Bondye mwen!
Wi,
ou bay tout lènmi m yo yon souflèt nan figi yo.
Ou kraze dan mechan yo an.
9 Delivrans,
se nan Letènèl sa soti.
Se pou benediksyon w rete sou pèp ou a.
– Poze!