Letènèl tabli yon wa
2
Poukisa nasyon yo ajite konsa?
Pouki y ap fè konplo initil sa yo?
2 Wa latè yo kanpe,
Chèf yo reyini ansanm
Kont Letènèl,
epi kont Mesi li a:
3 Annou kase chèn yo.
Annou jete kòd yo lwen nou.
4 Sila a ki chita nan syèl la ri.
Senyè a pase yo nan rizib.
5 Alò li pale ak yo nan kòlè.
Nan flanm kòlè li,
li ba yo kè kase:
6 Pou mwen menm,
mwen tabli wa mwen an
Sou Siyon,
mòn mwen an ki sen.
7 M ap deklare dekrè Letènèl.
Li di m:
Ou se pitit mwen.
Mwen menm,
jodi a,
mwen ba ou nesans.
8 Mande m,
epi m a ba ou nasyon yo pou eritaj ou,
Epi m a ba ou dènye kwen latè pou byen prive w.
9 Ou va kraze yo ak yon baton fè.
Ou va brize yo an pyès tankou yon veso ajil yon bòs potri fè.
10 Kounye a,
nou menm wa,
aji ak sajès!
Nou menm jij latè,
pran konsèy!
11 Sèvi Letènèl avèk krentif,
Epi rejwi nan lareverans devan li.
12 Anbrase pitit gason an pou l pa fache,
Epi pou nou pa peri nan chemen sa a!
Paske nan yon kadè,
kòlè l ka boule.
Benediksyon pou tout moun k ap chèche refij nan li.