Liv 1, Sòm 1-41
Chemen moun ki jis ak chemen moun ki mechan
1
Benediksyon pou moun ki pa mache daprè konsèy mechan yo,
Ki pa kanpe nan chemen pechè yo,
Epi ki pa chita ansanm ak mokè yo;
2 Men,
ki pran plezi l nan lalwa Letènèl,
Epi ki medite sou li lajounen kon lannuit.
 
3 Moun sa a tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo,
Epi ki donnen lè sezon l rive.
Fèy li yo pa janm fennen.
Tout sa l fè reyisi.
4 Men,
mechan yo pa konsa.
Yo tankou pay van ap gaye.
 
5 Se poutèt sa mechan yo p ap reziste nan lè jijman an,
E ni pechè yo p ap ka reziste nan asanble moun ki jis yo.
6 Paske,
Letènèl konnen chemen moun ki jis yo,
Men chemen mechan yo ap mennen yo nan dezas.