Kè sote epi konfyans
13
Pou Maestwo Koral la.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
jis kilè w ap bliye m?
Pou tout tan?
Jis kilè w ap sispann kache fas ou pou mwen?
3 Jis kilè m a sispann anpile lide nan panse m
Ak chagren nan kè m tout jounen.
Jis kilè lènmi m yo a sispann leve tèt yo sou mwen.
 
4 Letènèl,
Bondye mwen,
gade m epi reponn mwen!
Louvri je m.
San pa sa,
m ap dòmi dòmi lanmò a.
5 San pa sa,
lènmi m ap di:
Mwen gen viktwa sou li.
San pa sa,
advèsè m nan ap kontan,
lè m bite.
 
6 Men mwen menm,
mwen kwè nan bonte w.
M ap fè kè m kontan nan sali ou.
M ap chante pou Letènèl,
paske li bon pou mwen.