Moun fou ak moun mechan
14
Pou Maestwo Koral la.
Yon sòm David.
Moun fou a di nan kè l:
Pa gen Bondye!
Yo kòwonpi.
Yo komèt abominasyon.
Pa genyen youn k ap fè byen.
2 Letènèl rete depi nan syèl,
li gade pami pitit lèzòm
Pou l wè si gen youn ki gen konprann,
Youn k ap chèche Bondye.
3 Yo tout pèdi chemen an,
yo vin pèvèti ansanm.
Pa genyen youn k ap fè byen,
Pa genyen menm yon sèl.
4 Tout moun k ap komèt inikite,
èske yo pa konprann anyen?
Y ap devore pèp mwen an tankou yo devore pen,
Epi yo pa rele Letènèl.
 
5 La tou,
se pa ti pè yo pral pè,
Paske Bondye ap avèk jenerasyon moun ki jis yo.
6 Ou meprize lide malere a,
Men se Letènèl ki refij li.
7 Kilès k ap fè delivrans Izrayèl soti nan siyon?
Lè Letènèl va mennen prizonye pèp li a tounen,
Jakòb ap nan gwo kontantman,
Izrayèl ap nan lajwa.