Ki moun ki ka abite ak Bondye
15
Yon sòm David.
Letènèl,
ki moun ki ka rete nan tant ou?
Ki moun ki ka abite sou montay ou a ki sen?
2 Moun ki mache san repwòch,
ki fè sa ki dwat,
Epi ki pale verite nan kè li.
3 Moun ki pa bay kout lang,
Ki p ap fè zanmi l mal,
Epi ki p ap denigre pwochen l.
4 Moun ki meprize moun ki san valè nan je l,
Ki onore moun ki gen krentif pou Letènèl,
Ki pa chanje pawòl,
men si l sèmante pou pwòp malè l.
5 Moun ki pa eskonte lajan l,
Ki pa pran lajan anba kont inosan an.
Moun ki fè bagay sa yo p ap janm bite.