Letènèl se pòsyon mwen ak gode mwen
16
Yon chan David.
Prezève m,
Bondye!
Paske,
se nan ou m ap chèche refij.
2 Mwen di Letènèl:
Ou se Senyè mwen.
Se ou ki tout byen mwen.
3 Kanta pou moun ki sen yo ki nan peyi a,
Moun debyen yo,
se nan yo menm mwen pran tout plezi m.
4 Moun k ap kouri dèyè lòt dye,
Soufrans yo gen pou miltipliye.
Mwen p ap mele nan ofrann san bèt yo,
Ni tou mwen p ap nonmen non yo sou lèv mwen.
5 Letènèl,
ou se pòsyon pa m nan,
Ou se gode mwen.
Se ou ki garanti pòsyon tè pa m nan.
6 Liy lan byen tonbe pou mwen,
nan bèl lizyè.
Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen!
7 M ap beni Letènèl ki konseye m.
Menm lannuit konsyans mwen egzòte m.
8 Mwen fè wè Letènèl tout tan devan mwen.
Paske,
li adwat mwen pou mwen pa brannen.
9 Se poutèt sa kè mwen kontan,
lespri m rejwi anpil,
Menm kò mwen va repoze nan sekirite.
10 Paske,
ou p ap abandone nanm mwen nan peyi-mò.
Ou p ap kite sen w lan tounen pouriti nonplis.
11 W ap fè m konnen chemen lavi a.
Avèk prezans ou,
ou va plen m ak lajwa.
Adwat ou,
se plezi pou tout tan.