Mwen va wè fas ou nan jistis
17
Yon priyè David.
Letènèl,
tande jis la!
Koute kriye mwen!
Tande priyè m ki pa soti nan bouch k ap twonpe.
2 Fè jistis mwen parèt devan w.
Kite je ou wè sa ki jis.
3 Si ou sonde kè m,
si ou vizite m lannuit,
Si ou pase m tès,
ou p ap jwenn anyen.
Mwen deside pou bouch mwen pa peche.
4 Kanta pou zak lèzòm,
granmesi pawòl nan bouch ou,
Mwen evite chemen moun ki vyolan.
 
5 Pa m yo fèm nan tras ou,
Pye m pa glise.
 
6 O Bondye,
mwen rele ou,
paske ou ap reponn mwen.
Panche zòrèy ou bò kote m,
tande sa m ap di.
7 Fè wè mèvèy bonte ou,
ou menm ki sove moun k ap chèche refij,
Ou menm ki sove yo ak men dwat ou kont moun ki leve kont yo.
 
8 Pwoteje m tankou pòm je w.
Kache m anba lonbraj zèl ou,
9 Kont mechan k ap maltrete m yo,
Kont lènmi ki sènen m toupatou yo.
 
10 Yo fèmen zantray yo.
Y ap pale avèk awogans ak bouch yo.
11 Kounye a,
chak pa nou fè,
yo sènen nou.
Yo fikse je yo pou yo blayi nou atè,
12 Tankou lyon ki pa ka tann pou l dechire,
Tankou yon jèn lyon k ap tann an kachèt.
13 Letènèl,
leve,
fè fas kare ak li,
jete l atè!
Delivre m anba mechan ak epe ou.
14 Avèk men ou,
Letènèl,
delivre m anba lèzòm,
anba lèzòm nan monn sa a!
Yo gen pòsyon pa yo nan lavi sa a.
Ou plen vant yo ak trezò w yo.
Pitit yo rasazye,
Epi yo kite sa yo gen anplis pou timoun yo.
15 Kanta pou mwen,
nan jistis,
m a wè fas ou.
Lè m reveye,
m ap rasazye ak prezans ou.