Remèsiman pou delivrans Letènèl
18
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David,
sèvitè Letènèl.
Li te pale pawòl chan sa a pou Letènèl,
lè Letènèl te fin delivre l anba men tout lènmi l yo epi anba men Sayil.
Li di:
 
2 Mwen renmen w,
Letènèl.
Ou se fòs mwen.
3 Letènèl se woche mwen,
ranpa mwen,
se li ki delivre m,
Bondye mwen,
gwo wòch kote mwen jwenn refij,
Li se boukliye mwen,
kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen.
4 Mwen rele:
Lwanj pou Letènèl!
Epi mwen delivre anba lènmi m yo.
 
5 Kòd lanmò te sènen m,
Ravin mechanste te fè m pè anpil.
6 Kòd peyi-mò te vlope m,
Pyèj lanmò te fè fas kare ak mwen.
7 Nan detrès mwen,
mwen rele Letènèl.
Mwen kriye o sekou bay Bondye m nan.
Li rete nan palè li,
li tande vwa mwen.
Epi rèl mwen rive devan l,
nan zòrèy li.
 
8 Latè sekwe,
li tranble.
Fondasyon montay yo souke.
Yo sekwe,
paske Bondye te fache.
9 Lafimen t ap soti nan nen li,
Yon dife devoran t ap soti nan bouch li.
Chabon pran dife bò kote l.
 
10 Li bese syèl la,
li desann.
Te gen yon nyaj pwès anba pye l.
11 Li monte sou yon cheriben,
li t ap vole,
Li parèt sou zèl van an.
12 Li fè fènwa tounen kote pou l kache,
yon tant toutotou li,
Se yon mas dlo,
yon kantite nyaj pwès nan syèl la.
13 Nyaj pwès t ap soti nan ekla limyè ki te devan l lan,
Lagrèl ak chabon dife t ap sot ladan l.
14 Letènèl gwonde nan syèl la.
Bondye Trè Wo a fè tande vwa l,
Ak lagrèl epi chabon dife.
15 Li voye flèch li yo,
li gaye lènmi m yo.
Epi ak anpil zeklè,
li twouble yo.
16 Letènèl,
fon lanmè a parèt,
Fondasyon tè a parèt aklè,
Lè ou menase yo,
Lè bri souf ou soti nan nen ou.
 
17 Pandan Letènèl anwo a,
li lonje men l,
li pran m,
Epi li rale m soti nan gwo dlo yo.
18 Li delivre m anba lènmi m nan ki te pisan,
Anba moun ki rayi m yo;
paske,
yo te pi fò pase m.
19 Jou m te detrès,
yo atake m,
Men,
se Letènèl ki te sipòte m.
20 Li libere m.
Li delivre m,
paske li pran plezi nan mwen.
 
21 Letènèl rekonpanse m daprè jistis mwen.
Wi,
daprè jan men m pwòp la,
li rekonpanse m.
22 Paske,
mwen te kenbe chemen Letènèl la,
Epi mwen pa t fè mechanste ni rete lwen Bondye m nan;
23 Paske,
tout jijman l yo te devan m,
Epi mwen pa t mete prensip li yo sou kote.
24 Mwen te san repwòch devan l.
Mwen te kenbe tèt mwen pou m pa peche.
25 Letènèl te rekonpanse m daprè jistis mwen,
Daprè jan men m pwòp devan je li.
 
26 Ou montre w fidèl ak moun ki fidèl.
Ou montre w san repwòch ak moun ki san repwòch.
27 Ou montre ou san tach ak moun ki san tach.
Ou montre ou entèlijan ak moun ki pèvèti.
28 Paske,
ou sove moun ki imilye yo devan w,
Men ou bese moun ki gade ak awogans.
29 Se ou menm ki fè lanp mwen klere.
Letènèl,
Bondye mwen,
fè fènwa m tounen limyè.
30 Avèk ou,
mwen kouri dèyè yon bann ame.
Avèk Bondye m nan,
mwen ka vole tèt yon miray.
 
31 Kanta pou Bondye,
chemen l san repwòch.
Pawòl Letènèl demontre tèt li.
Li se yon boukliye pou tout moun ki chèche refij nan li.
32 Paske kiyès ki Bondye,
si se pa Letènèl?
Kiyès ki gwo wòch,
si se pa Bondye nou an?
33 Bondye ki ame m ak fòs la,
Epi ki fè chemen m san repwòch la.
34 Li fè pye m tankou pye yon jèn ti bich.
Li leve m mete nan plas ki wo.
35 Li montre m fè lagè ak men,
E ponyèt mwen ka koube yon banza an kuiv.
36 Ou ban mwen boukliye delivrans ou.
Men dwat ou soutni mwen,
Epi ou desann pou w fè m grandi.
37 Ou laji chemen mwen anba pye m,
E mwen pa pèdi pye.
 
38 Mwen rapousuiv lènmi m yo,
mwen kenbe yo.
Mwen pa fè bak jiskaske m fin detui yo.
39 Mwen kraze yo,
yo pa ka leve kanpe.
Yo tonbe anba pye m.
40 Ou ame m ak fòs pou batay la.
Ou fè moun ki leve kont mwen yo koube anba m.
41 Ou fè lènmi m yo vire do kouri devan m.
Mwen elimine moun ki rayi m yo.
42 Yo rele sekou,
men,
pa gen pèsonn pou delivre yo.
Yo rele Letènèl,
men,
li pa reponn yo.
43 Mwen krabinen yo tankou pousyè nan van.
Mwen voye yo jete tankou labou nan lari.
 
44 Ou delivre m anba zizani nan mitan pèp yo.
Ou mete m alatèt nasyon yo;
Pèp mwen pa t konnen ap sèvi m.
45 Tande yo tande m,
yo obeyi m.
Menm pitit etranje ap flate m.
46 Pitit etranje yo pèdi bon sans yo,
Yo tranble,
lè yo soti nan fò yo.
 
47 Viv Letènèl!
Benediksyon pou woche mwen an!
Se pou yo egzalte Bondye ki sove m nan.
48 Se li ki Bondye ki pran vanjans mwen an,
Bondye ki fè pèp yo koube anba m nan.
49 Li delivre m anba lènmi m yo.
Wi,
ou mete m pi wo pase moun ki leve kont mwen yo.
Ou delivre m anba moun ki vyolan.
50 Letènèl,
poutèt sa,
m ap louwe ou pami nasyon yo.
E,
m ap chante pou non ou.
51 Li bay wa li a yon gran delivrans.
Li montre jan li bon pou David,
sila li chwazi a,
Epi pou desandans li pou tout tan.