Travay pawòl Bondye fè
19
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Syèl la rakonte glwa Bondye,
Epi gwo vout anlè a fè konnen travay men li.
3 Yon jou bay yon lòt jou nouvèl.
Yon nuit fè yon lòt nuit konnen.
4 Se pa pawòl;
se pa mo;
Moun pa tande vwa yo.
5 Epoutan,
tras yo pase sou tout tè a,
Mesaj yo ale nan dènye bout lemonn,
Kote li monte yon tant pou solèy la.
6 Solèy la sanble ak yon mesye marye ki soti nan chanm li,
Ki rejwi tankou yon nonm vanyan ki lanse l nan kous li.
7 Li pati depi nan yon pwent syèl la,
Li travèse jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape anba chalè li.
8 Lalwa Letènèl san repwòch,
li restore nanm mwen.
Temwayaj Letènèl fidèl,
li fè moun sòt vin saj.
9 Lòd Letènèl yo dwat,
yo rejwi kè m.
Kòmandman Letènèl yo san tach,
yo klere je m.
10 Krentif Letènèl pwòp,
li kanpe pou tout tan.
Jijman Letènèl fidèl,
yo tout jis.
11 Moun anvi yo plis pase lò,
plis pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl,
pase siwo myèl k ap degoute.
12 Epitou,
yo enstui sèvitè ou.
Gen gwo rekonpans pou moun ki kenbe yo.
13 Ki moun ki konprann fot li yo?
Padone m peche mwen fè san m pa konnen.
14 Epi prezève sèvitè w anba peche li ka fè an awogan.
Pa kite yo domine sou mwen.
Lè sa a,
m ap san repwòch,
epi m ap inosan annegad gwo peche.
15 O Letènèl,
gwo wòch mwen,
redanmtè mwen,
Se pou pawòl nan bouch mwen
Ak meditasyon nan kè mwen fè w plezi,