Letènèl, sove wa a
20
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Se pou Letènèl reponn ou nan jou detrès.
Se pou non Bondye Jakòb la pwoteje w.
3 Se pou l voye èd pou ou depi nan sangtyè li.
Se pou l soutni ou depi Siyon.
4 Se pou l sonje tout ofrann ou yo.
Se pou l aksepte ofrann olokos ou yo.
– Poze!
5 Se pou l ba ou sa kè w dezire.
Se pou l reyalize tout plan ou yo.
6 N a rejwi nan delivrans ou!
Nan non Bondye nou an,
n ap leve banyè nou.
Se pou Letènèl reponn tout demann ou yo.
7 Kounye a,
mwen konnen Letènèl sove mesi li.
L ap reponn li depi nan syèl li a ki sen,
Ak fòs delivrans nan men dwat li.
8 Pou kèk moun,
se cha de gè!
Pou kèk lòt,
se cheval!
Men pou nou menm,
se non Letènèl,
Bondye nou an,
nou rele.
9 Yo menm,
yo koube,
yo tonbe.
Men,
nou menm,
nou leve,
nou kanpe.
10 Letènèl,
sove wa a!
Se pou l reponn nou,
jou nou rele l.