N ap selebre laviktwa Letènèl
21
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
wa a kontan nan fòs ou.
Ala rejwi li rejwi anpil nan delivrans ou!
3 Ou te ba li sa kè l te dezire.
Ou pa t refize l rekèt li te fè ak bouch li.
– Poze!
 
4 Ou vin jwenn li ak benediksyon bonte ou.
Ou mete yon kouwòn lò fen sou tèt li.
5 Li mande w lavi,
ou ba li l,
Anpil jou pou le tan e letènite.
6 Glwa li gran poutèt delivrans ou.
Ou poze onè ak grandè sou li.
7 Ou mete benediksyon w sou li pou tout tan.
Ou ranpli l ak jwa nan prezans ou.
8 Paske,
wa a kwè nan Letènèl.
E,
grasa bonte Bondye souvren an,
li p ap bite.
9 Tout lènmi w yo ap jwenn ak men ou.
Moun ki rayi w yo ap jwenn ak men dwat ou.
10 Jou w parèt la,
W ap fè yo tounen tankou yon founèz dife.
Letènèl ap anglouti yo nan kòlè l,
epi dife ap devore yo.
11 W ap detui ras yo sou latè.
W ap detui desandans yo pami pitit lèzòm.
12 Malgre yo pare mechanste pou ou,
Malgre yo fè plan,
Yo p ap reyisi.
13 Paske w ap fè yo fè bak.
W ap vize figi yo ak banza ou.
 
14 Leve,
Letènèl,
montre fòs ou.
N ap chante,
epi n ap selebre pisans ou.