Bondye mwen, poukisa w abandone m
22
Pou maestwo koral la.
Sou «Bich granmaten an.»
Yon sòm David.
2 Bondye mwen,
Bondye mwen,
poukisa w abandone mwen?
Poukisa ou rete lwen san w ou pa pote m sekou,
san ou pa tande jan m ap plenn?
3 Bondye mwen!
Mwen rele w lajounen,
ou pa reponn.
Mwen pa gen repo lannuit.
 
4 Epoutan ou sen.
Ou chita nan mitan lwanj Izrayèl yo.
5 Se nan ou zansèt nou yo te kwè;
yo te kwè,
Epi ou te delivre yo.
6 Yo te kriye ba ou,
epi yo te chape.
Yo te kwè nan ou,
epi yo pa t soti wont.
 
7 Men,
se yon vè mwen ye,
mwen pa moun.
Mwen se yon moun lèzòm avili,
yon moun pèp la meprize.
8 Tout moun ki wè mwen ap moke mwen.
Yo louvri bouch yo sou mwen,
epi yo souke tèt yo.
9 Y ap di:
Lage w nan men Letènèl.
L ap delivre l.
L ap sove l,
paske li pran plezi nan li.
10 Se ou ki te pran m nan vant manman m.
Ou te fè m gen konfyans,
lè m t ap tete manman m.
11 Depi nan vant,
yo te lage m ba ou.
Depi nan vant manman m,
ou se Bondye mwen.
12 Pa rete lwen mwen,
paske detrès la ap pwoche,
Epi pa gen pèsonn pou ede.
13 Anpil jèn towo antoure m,
Vanyan towo Bazan ansèkle m.
14 Yo louvri bouch yo kont mwen
Tankou lyon k ap dechire,
k ap gwonde.
 
15 Yo vide m tankou dlo.
Tout zo m yo dejwente.
Kè m tankou lasi.
L ap fonn nan zantray mwen.
16 Fòs mwen fin seche tankou ajil.
Lang mwen kole anlè anndan bouch mwen.
Ou mete m nan pousyè lanmò.
17 Paske chen antoure mwen.
Yon bann mechan sènen m.
Yo pèse men m ak pye m.
18 Mwen ta ka konte tout zo m yo.
Yo menm,
yo gade m,
epi yo twaze m.
19 Yo separe rad mwen antre yo.
Yo fè tirajosò sou wòb mwen an.
 
20 Men ou menm,
Letènèl,
pa rete lwen.
Ou menm ki fòs mwen,
prese vin pote m sekou.
21 Delivre nanm mwen anba epe.
Delivre lavi m anba pouvwa chen.
22 Sove m anba bouch lyon.
Ou reponn mwen anba kòn bèf sovaj.
 
23 M a fè frè m yo konnen non ou.
M a louwe ou nan mitan asanble a.
24 Nou menm ki gen krentif pou Letènèl,
louwe li.
Nou tout,
desandan Jakòb yo,
onore li.
Nou tout,
desandan Izrayèl yo,
tranble devan li.
25 Paske,
li pa ni meprize ni deteste lafliksyon malere a;
Li pa kache figi l pou li.
Men,
lè malere a kriye ba li,
li tande.
 
26 Akòz ou menm,
m ap louwe ou nan gran asanble a.
M ap respekte ve mwen fè devan moun ki gen krentif pou li.
27 Malere yo ap manje epi y ap rasazye.
Moun ki chèche Letènèl ap louwe li.
Se pou kè ou viv pou tout tan.
 
28 Dènye kwen latè ap sonje epi y ap tounen jwenn Letènèl.
Tout branch fanmi nasyon yo pral koube devan w.
29 Paske,
wayòm nan se pou Letènèl.
L ap domine sou nasyon yo.
30 Tout notab latè yo pral manje,
epi yo pral koube.
Tout moun ki te desann nan pousyè pral koube devan li,
Menm sa ki pa ka prezève lavi yo.
31 Yon desandans pral sèvi li.
Y ap pale de Senyè a nan jenerasyon apre a.
32 Y ap vini.
Y ap anonse jistis li.
Y ap anonse sa li te fè bay yon pèp ki pral fèt.