Letènèl se bèje mwen
23
Yon sòm David.
Letènèl se bèje mwen,
Mwen p ap manke anyen.
2 Li fè m repoze nan patiraj ki vèt.
Li mennen m bò dlo ki trankil.
3 Li restore nanm mwen.
Li kondui m nan chemen jistis
Poutèt non li.
4 Menm lè m ap mache nan vale lonbraj lanmò,
Mwen pa pè anyen mal,
paske ou avèk mwen.
Baton ou ak gòl ou,
se yo ki asire m.
5 Ou pare yon tab pou mwen
Devan lènmi m yo.
Ou vide luil sou tèt mwen.
E,
gode m plen depase.
6 Wi,
bonè ak gras va pousuiv mwen
Chak jou nan lavi m.
Epi m a abite lakay Letènèl pou tout tan.