Se pou wa laglwa a antre
24
Yon sòm David.
Latè ak tout sa ki ladan l,
Lemonn ak tout moun ki abite ladan l,
se pou Letènèl yo ye.
2 Paske,
li te bati l sou lanmè yo,
Epi li te tabli l sou rivyè yo.
 
3 Ki moun ki ka monte sou montay Letènèl la?
Ki moun ki ka monte jis nan lye sakre li a?
4 Se moun ki gen men inosan ak kè pwòp,
Ki pa kite manti pran nanm li,
Epi ki pa fè sèman pou twonpe moun.
5 L ap resevwa benediksyon Letènèl,
Jistis Bondye ki ba l delivrans lan.
6 Sa se jenerasyon moun k ap envoke l yo,
Moun k ap chèche fas ou,
tankou Jakòb.
– Poze!
 
7 Pòt,
louvri lento w yo!
Louvri,
pòt etènèl yo!
Se pou Wa laglwa a antre!
8 Kiyès ki Wa laglwa a?
Se Letènèl ki fò epi ki pisan an,
Letènèl ki pisan nan batay la!
9 Pòt,
louvri lento w yo!
Louvri,
pòt etènèl yo!
Se pou Wa laglwa a antre!
10 Kiyès ki Wa laglwa a?
Letènèl dèz ame yo,
se li menm ki Wa laglwa a.