Fè m konnen chemen ou
25
Yon sòm David.
Letènèl,
mwen leve nanm mwen ba ou.
2 Bondye mwen,
mwen konfye m nan ou.
Pa kite m wont.
Pa kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
3 Wi,
tout moun ki met espwa yo nan ou p ap wont.
Moun ki enfidèl san rezon yo pral wont.
 
4 Letènèl,
fè m konnen chemen w yo.
Montre m wout ou yo.
5 Kondui m nan laverite epi enstui m.
Paske,
ou se Bondye delivrans mwen.
Mwen met espwa m nan ou tout lajounen.
6 Letènèl,
sonje konpasyon w ak favè ou,
Paske yo la depi letènite.
7 Pa sonje peche m lè m te jèn,
ni fot mwen yo.
Letènèl,
sonje m daprè favè ou,
akòz bonte w.
 
8 Letènèl bon,
epi li dwat;
Se poutèt sa,
li enstui pechè yo nan chemen an.
9 Li kondui malere a nan ladwati.
Li montre l chemen li.
10 Tout wout Letènèl se favè ak fidelite,
Pou moun ki kenbe alyans li ak temwayaj li.
11 Letènèl!
Poutèt non w,
Padone inikite m,
paske li gran.
 
12 Ki moun ki gen krentif pou Letènèl?
Letènèl montre l chemen li dwe chwazi a.
13 Nanm li ap repoze nan bonè,
Epi desandans li ap posede peyi a.
14 Amitye Letènèl,
se pou moun ki gen krentif pou li,
Epi li fè yo konnen alyans li.
15 Je m toujou ap gade Letènèl,
Paske li rale pye m soti nan pyèj.
 
16 Vire gade m epi fè m favè,
Paske mwen sèl epi mwen malere.
17 Soufrans kè m ogmante.
Retire m nan detrès mwen.
18 Gade mizè m ak lapenn mwen,
Epi padone tout peche m yo.
19 Gade jan lènmi m yo anpil.
Se pa ti rayi yo rayi m ak vyolans.
20 Kenbe nanm mwen epi delivre m.
Pa kite wont,
Paske,
se nan ou mwen chèche refij.
21 Se pou entegrite ak ladwati pwoteje m,
Paske mwen met espwa m nan ou.
22 O Bondye,
delivre Izrayèl
Nan tout detrès li yo.