Fè m jistis
26
Se yon Sòm David.
Fè m jistis,
Letènèl!
Paske,
m ap mache nan entegrite.
Se nan Letènèl mwen konfye m,
mwen p ap bite.
2 Letènèl,
sonde m epi teste m.
Egzamine ren mwen ak kè mwen.
3 Paske,
favè ou devan je m,
Epi mwen mache nan verite ou.
4 Mwen pa chita ansanm ak moun ki fo.
Mwen pa mache ak moun ipokrit.
5 Mwen rayi asanble moun k ap fè mal yo.
Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.
6 Nan inosans mwen,
mwen lave men mwen.
Letènèl,
mwen pral fè tou lotèl ou a,
7 Pou m fè tande bri remèsiman mwen,
Epi rakonte tout mèvèy ou yo.
8 Letènèl,
mwen renmen kay kote ou rete a,
Lye kote glwa ou abite.
9 Pa ranmase nanm mwen ak pechè yo,
Ni lavi m avèk sanginè yo,
10 Moun ki gen krim nan men yo,
Moun ki gen kado nan men dwat yo.
11 Mwen menm,
m ap mache nan entegrite.
Delivre m,
epi gen pitye pou mwen.
12 Pye m fèm nan ladwati.
M ap beni Letènèl nan asanble yo.