Letènèl se limyè mwen, li se delivrans mwen
27
Yon sòm David.
Letènèl se limyè mwen.
Li se delivrans mwen.
Ki moun pou m ta pè?
Se Letènèl ki defans lavi mwen.
Ki moun ki ka fè m tranble?
2 Lè mechan ap vanse kont mwen
Pou devore chè mwen,
Se advèsè m yo ak lènmi m yo k ap bite;
Se yo menm k ap tonbe.
3 Menm si yon lame ta kanpe kont mwen,
Kè mwen p ap pè anyen.
Si lagè ta leve kont mwen,
malgre sa,
M ap toujou ranpli ak konfyans.
4 Mwen mande Letènèl yon bagay,
yon bagay mwen anvi anpil.
Mwen ta renmen abite lakay Letènèl pandan tout lavi m,
Pou m kontanple grandè Letènèl,
Epi pou m medite nan tanp li.
5 Paske,
l ap pwoteje m nan tabènak li nan jou malè,
L ap kache m nan lye sekrè tant li;
L ap leve m mete kanpe sou yon woche.
6 Tèt mwen deja leve sou lènmi m yo ki antoure m.
M ap ofri sakrifis nan tant li ak gran jwa.
M ap chante,
m ap jwe mizik pou Letènèl.
7 Letènèl,
tande vwa m,
m ap rele ou.
Gen pitye pou mwen,
epi reponn mwen.
8 Kè mwen di m konsènan Letènèl:
Chèche fas li!
M ap chèche fas ou,
Letènèl.
9 Pa kache fas ou pou mwen!
Pa repouse sèvitè w la ak kòlè.
Ou se sekou mwen.
Pa kite m,
pa abandone m,
Bondye delivrans mwen.
10 Menm si manman m ak papa m ta abandone,
Letènèl ap ranmase m.
11 Letènèl,
montre m chemen ou.
Kondui m nan chemen ladwati a,
Poutèt lènmi m yo.
12 Pa lage m pou advèsè m yo fè sa yo vle avè m.
Paske,
gen fo temwen ki kanpe kont mwen,
Moun ki viv nan vyolans ase.
13 O!
Si m pa t asire mwen t ap wè bonte Letènèl
Sou latè moun vivan yo! …
14 Mete espwa w nan Letènèl!
Pran kouraj,
se pou kè w vin fèm!
Mete espwa w nan Letènèl!