Letènèl tande mwen, lè m sipliye li
28
Yon sòm David.
Letènèl,
se ou menm m ap rele.
Woche mwen,
pa fè tankou ou pa tande m.
San pa sa,
si ou fè tankou ou pa tande m,
M ap tankou moun k ap desann nan twou.
2 Tande bri plent mwen yo,
lè m kriye ba ou,
Lè mwen leve men m nan direksyon nan sangtyè.
3 Pa pote m ale ak mechan yo ak moun k ap komèt inikite yo,
Moun k ap pale an pè ak pwochen yo,
men,
ki gen mechanste nan kè yo.
4 Pini yo daprè zèv yo,
daprè move aksyon yo;
Pini yo daprè travay men yo.
Ba yo salè yo merite a.
5 Paske,
yo pa fè ka de zèv Letènèl yo,
Travay li fè ak men li.
Se pou Letènèl detui yo,
epi se pou l pa mete yo kanpe ankò.
6 Se pou Letènèl beni.
Paske,
se li menm ki te tande vwa m,
lè m t ap plenn nan.
7 Letènèl se fòs mwen,
li se boukliye mwen.
Se li kè mwen fè konfyans,
epi li pote l sekou.
Kè m kontan anpil,
m ap louwe li nan chan mwen yo.
8 Letènèl se fòs pèp li.
Se li ki woche delivrans moun li chwazi a.
9 Sove pèp ou.
Beni eritaj ou.
Se ou ki pou bèje yo e sipò yo pou tout tan.