Priyè yon moun ki prèt pou mouri
88
Kantik.
Yon sòm pitit Kore yo.
Pou maestwo koral la.
Pou chante sou flit.
Yon kantik Eman,
moun Ezra.
2 Letènèl,
Bondye delivrans mwen,
Lajounen kou lannuit m ap kriye devan ou.
3 Kite priyè m rive devan ou,
Pare zòrèy ou pou tande kri mwen.
4 Paske,
nanm mwen rasazye ak malè,
Lavi m rive tou pre peyi-mò.
5 Yo konte m nan ran moun k ap desann nan fòs,
Mwen tankou yon moun ki pa gen fòs.
6 Mwen lage nan mitan moun ki mouri,
Tankou moun yo tiye,
ki kouche nan kavo,
Moun ou pa sonje ankò yo.
Moun yo retire nan men ou.
7 Ou mete m nan yon twou ki fon.
Nan fènwa,
nan labim yo.
8 Kòlè ou peze lou sou mwen,
Ou aflije m ak tout vag ou yo.
– Poze!
9 Ou fè moun ki konnen m yo rete lwen mwen.
Ou fè m tounen yon abominasyon pou yo.
Mwen fèmen,
mwen pa ka soti.
10 Je m febli afòs mwen aflije.
O Letènèl,
mwen rele w chak jou,
Mwen louvri men m ba ou.
11 Èske ou fè mirak pou mò yo?
Èske mò yo leve pou yo louwe w?
– Poze!
12 Èske yo pale de bonte ou nan kavo?
Èske yo pale de fidelite w nan pouriti?
13 Èske yo fè konnen mirak ou yo nan fènwa?
Èske yo pale de jistis ou nan peyi kote moun bliye?
14 Men,
mwen menm,
Letènèl,
m ap mande ou sekou.
Nan maten priyè m monte devan ou.
15 Letènèl,
poukisa ou repouse nanm mwen?
Poukisa ou kache fas ou pou mwen?
16 Mwen malere,
mwen prèt pou m mouri depi lè m te jèn.
Mwen chaje ak latèrè ou yo,
mwen twouble.
17 Flanm kòlè w yo pase sou mwen.
Latèrè ou yo fè m tounen anyen.
18 Tout lajounen yo antoure m tankou dlo;
Yo tout vlope m yon sèl kou.
19 Ou fè moun ki renmen m yo,
zanmi m yo,
rete lwen mwen,
Tout sa ki zanmi m,
se fènwa.