Letènèl renmen pòtay Siyon yo
87
Yon Sòm pitit Kore yo.
Kantik.
Vil Siyon fonde nan mitan montay ki sen yo.
2 Letènèl renmen pòtay Siyon yo
Plis pase tout abitasyon Jakòb yo.
3 Yo pale bagay ki ranpli ak glwa sou ou,
Ou menm,
vil Bondye a.
– Poze!
 
4 M ap fè sonje Raab ak Babilòn pami moun ki konnen m yo.
Gade!
Filisti,
Ti ak Letyopi,
Se la yo te fèt.
5 Konsènan Siyon y ap di:
Sa a oubyen lòt la te fèt la.
Se Trè Wo a ki tabli l.
6 Letènèl konte pandan l ap enskri pèp yo.
Se la yo te fèt.
– Poze!
 
7 Moun k ap chante tankou moun k ap danse di:
Tout sous mwen yo,
se nan ou.