Vire fas ou bò kote m, Senyè
86
Yon priyè David.
Letènèl,
pare zòrèy ou,
reponn mwen.
Paske,
mwen malere,
mwen pòv.
2 Veye lavi m,
paske mwen fidèl.
Ou menm,
Bondye mwen,
sove sèvitè ou ki konfye l nan ou.
3 O Senyè,
fè m gras,
Paske,
se tout lajounen m ap rele ou.
4 Fè nanm sèvitè ou la kontan;
Paske,
mwen leve nanm mwen ba ou,
Senyè.
5 Ou bon,
Senyè,
ou prè pou padone,
Ou plen ak bonte pou tout moun ki envoke w.
6 Letènèl,
pare zòrèy ou pou tande priyè m,
Tande byen vwa plent mwen yo.
7 Mwen rele w nan jou detrès mwen,
Paske,
ou reponn mwen.
8 O Senyè,
pa gen tankou ou pami dye yo.
Pa gen anyen ki sanble ak zèv ou yo.
9 O Senyè,
tout nasyon ou te fè yo va koube devan ou;
Yo va glorifye non ou.
10 Paske,
ou gran,
Bondye,
ou fè mèvèy,
Se ou menm sèl ki Bondye.
11 O Letènèl,
montre m chemen ou yo,
Pou m ka mache nan verite ou.
Fè kè m fè yon sèl ak krentif pou non ou.
12 O Senyè,
Bondye mwen,
m ap louwe ou ak tout kè mwen.
M ap glorifye non ou pou tout tan.
13 Paske,
bonte ou gran pou mwen.
Ou delivre nanm mwen nan bafon peyi-mò.
14 O Bondye,
yon bann awogan leve kont mwen.
Yon bann moun vyolan ap chèche pran lavi m.
Yo pa mete lide yo sou ou.
15 Men ou menm,
Senyè,
ou se yon Bondye ki gen konpasyon ak gras.
Ou lan pou fè kòlè,
ou plen bonte ak verite.
16 Vire gade m e gen pitye pou mwen,
Bay sèvitè w la fòs
E sove pitit sèvant ou a.
17 Banm m siy bonte ou,
Se pou moun ki rayi m yo wè pou yo ka wont,
Paske,
o Letènèl,
se ou ki pote m sekou,
ki konsole m.