Retabli nou, Bondye delivrans mwen
85
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm pitit Kore yo.
2 O Letènèl,
ou te konn pran plezi nan peyi ou,
Ou te mennen prizonye Jakòb yo tounen.
3 Ou te padone inikite pèp ou,
Ou te kouvri tout peche l yo.
– Poze!
4 Ou te retire tout gwo kòlè ou.
Ou te sispann flanm kòlè ou.
 
5 Retabli nou,
Bondye delivrans nou.
Sispann endiyasyon ou kont nou.
6 Èske w ap toujou fache kont nou?
Èske w ap pwolonje kòlè ou jenerasyon apre jenerasyon?
7 Èske ou p ap fè nou reviv ankò,
Pou pèp ou ka rejwi nan ou?
8 Letènèl,
fè nou wè favè ou,
Ban nou delivrans ou.
 
9 M ap koute sa Letènèl,
Bondye,
ap di.
Paske,
li pale de lapè ak pèp li a ak fidèl li yo
Pou yo pa retounen nan foli ankò.
10 Wi,
delivrans ou pre pou moun ki gen krentif pou ou,
Pou glwa ou ka abite nan peyi nou.
11 Bonte ou ak fidelite w kontre,
Jistis ak lapè anbrase youn lòt.
12 Fidelite jèmen sou latè,
Jistis gade anba depi nan syèl la.
 
13 Letènèl ap bay sa ki bon tou;
Tè nou an ap donnen fwi.
14 Jistis ap mache devan l,
Jistis ap fè wout pou li.