Mwen anvi wè palè Letènèl yo
84
Pou maestwo koral la.
Sou gitit.
Yon sòm pitit Kore yo.
2 Letènèl dèz ame,
Ala bèl tabènak ou yo bèl!
3 Nanm mwen ap soupire,
li swaf lakou Letènèl yo.
Kè mwen ak kò mwen ap fè bri kontantman devan Bondye vivan an.
4 Menm zwazo a jwenn yon kay,
Iwondèl la jwenn yon nich pou l mete pitit li yo.
Otèl ou yo,
Letènèl dèz ame,
Wa mwen,
Bondye mwen!
5 Benediksyon pou moun ki abite lakay ou,
Yo toujou ka louwe ou.
– Poze!
 
6 Benediksyon pou moun ki gen fòs yo nan ou!
Gen chemen ki tou trase nan kè yo.
7 Lè y ap travèse plenn Bakaa,
Yo transfòme l an fontèn dlo.
Epitou lapli kouvri l ak benediksyon.
8 Fòs yo pa sispann ogmante,
Yo gen pou yo parèt devan Bondye nan Siyon.
9 Letènèl,
Dye dèz ame yo,
tande priyè m.
Bondye Jakòb la,
pare zòrèy ou.
– Poze!
 
10 O Bondye,
ou menm ki boukliye nou,
wè!
Gade moun ou chwazi a.
11 Yon sèl jou nan lakou ou vo plis pase mil jou lòt kote.
Mwen pito rete nan papòt Bondye m nan,
Tan pou m ta rete anba tant mechanste.
12 Paske,
Letènèl Bondye se yon solèy,
yon boukliye,
Letènèl bay gras ak laglwa.
Li pa refize bon bagay a moun ki mache san repwòch.
13 Letènèl dèz ame,
Benediksyon pou sila a ki konfye l nan ou.