O Bondye, fè lènmi nou yo wont
83
Kantik.
Yon sòm Asaf.
2 O Bondye,
pa rete an silans.
Pa fèmen bouch ou,
e pa rete san fè anyen,
Bondye.
3 Paske,
gade!
Lènmi ou yo ap bat kò yo,
Moun ki rayi ou yo leve tèt yo.
4 Y ap fè konplo kont pèp ou,
Y ap fè plan kont moun ou kache yo.
5 Yo di:
Vini!
Annou disparèt yo kòm nasyon.
Se pou moun pa janm sonje non Izrayèl ankò.
6 Paske,
yo mete tèt ansanm pou fè konplo,
Yo fè yon alyans kont ou;
7 Tant Edon yo ak moun Izmayèl yo,
Tant Moab yo ak Agarenyen yo;
8 Gebal,
Amon,
Amalèk,
Moun Filisti yo ak abitan Ti yo;
9 Menm Lasiri avèk yo tou,
Li prete pitit Lòt yo kout men.
– Poze!
10 Trete yo tankou Madyan,
Tankou Sizera ak Jaben bò rivyè Kichon an.
11 Yo te peri nan Andò.
Yo te tounen fimye pou tè a.
12 Trete chèf yo tankou Orèb ak Zeèb,
Trete tout prens yo tankou Zebak ak Salmouna.
13 Paske,
yo di:
Annou pran abitasyon Bondye yo pou nou.
14 O Bondye mwen,
fè yo tankou yon toubiyon,
Tankou pay van ap pote ale.
15 Tankou dife k ap boule yon rakbwa,
Tankou flanm dife k ap boule mòn,
16 Pousuiv yo ak tanpèt ou,
Fè yo tranble ak kout loraj ou.
17 O Letènèl,
kouvri figi yo ak lawont,
Pou yo ka chèche non ou.
18 Se pou yo wont,
se pou yo tranble pou tout tan.
Wi,
se pou yo nan konfizyon,
se pou yo peri.
19 Se pou yo konnen,
se ou menm sèl ki rele Letènèl,
Ou se Bondye Trè Wo sou tout latè.