Se Bondye k ap jije lemonn
82
Yon sòm Asaf.
Bondye kanpe nan asanble Bondye a.
L ap jije nan mitan dye yo.
2 Jiskilè n a sispann jije ak lenjistis?
Jiskilè n a sispann montre patipri pou mechan?
– Poze!
 
3 Fè moun ki fèb ak òfelen yo jistis,
Fè malere ak pòv yo dwa.
4 Delivre moun ki fèb la ak endijan an,
Delivre yo anba men mechan yo.
5 Yo pa gen ni konesans,
ni entèlijans,
Yo mache nan fènwa;
Tout fondasyon latè sekwe.
6 Mwen te di:
Nou se dye,
Nou tout se pitit Bondye Trè wo a.
7 Epoutan,
n ap mouri tankou lèzòm.
N ap tonbe tankou nenpòt ki prens.
 
8 O Bondye,
leve pou jije latè!
Paske,
ou genyen eritaj ou nan tout nasyon yo.