Chante pou Bondye
81
Pou Maestwo koral la.
Sou Gitit.
Pou Asaf.
2 Chante ak jwa pou Bondye ki fòs nou.
Fè bri jwa nou monte jwenn Bondye Jakòb la.
3 Fè yon kantik monte.
Fè tanbouren sonnen,
Fè hap dous la ak gita sonnen.
4 Sonnen twonpèt pou nouvèl lin,
Nan tan lalin,
nan jou fèt nou.
5 Paske,
se yon lwa pou Izrayèl,
Se yon koutim Bondye Jakòb la tabli.
 
6 Li tabli l kòm yon temwayaj pou Jozèf,
Lè li te mache kont peyi Lejip.
Mwen tande yon vwa mwen pa konnen.
7 Mwen retire fado a sou zepòl yo,
Epi men l yo lage pànye a.
8 Ou te kriye nan detrès ou e m te delivre w.
Mwen reponn ou nan lye sekrè loraj.
Mwen te pase w nan leprèv toupre dlo Meriba yo.
– Poze!
 
9 Tande,
pèp mwen,
m ap ba ou konsèy.
O Izrayèl,
si nou te tande m! …
10 Piga nou gen dye etranje nan mitan nou,
Piga nou koube devan dye etranje.
11 Mwen se Letènèl,
Bondye ou,
Ki te fè ou soti peyi Lejip.
Louvri bouch ou,
m ap ranpli l.
12 Men,
pèp mwen an pa t tande vwa m.
Izrayèl pa t obeyi m.
13 Ebyen,
mwen lage yo pou yo suiv rebelyon kè di yo,
Yo mache daprè pwòp konsèy yo.
 
14 O!
Si pèp mwen an te koute m!
Si Izrayèl te mache nan chemen m!
15 Nan yon ti tan,
mwen t ap imilye lènmi l yo,
Mwen t ap leve men m kont advèsè l yo.
16 Moun ki rayi Letènèl yo t ap bese devan l,
Epi tan jijman yo t ap dire pou tout tan.
17 Mwen t ap fè yo manje pi bon ble a,
Mwen t ap satisfè yo ak myèl woche a.