Dye dèz ame, leve nou ankò
80
Pou Maestwo koral la.
Sou «Flèdelis.»
Yon temwayaj Asaf.
Yon sòm.
2 O bèje Izrayèl la,
pare zòrèy ou.
Ou menm ki kondui Jozèf tankou yon twoupo.
Ou menm ki chita nan mitan cheriben yo,
Fè limyè klere.
3 Reveye fòs ou devan Efrayim,
Benjamen ak Manase,
Mache pou vin delivre nou.
4 O Bondye,
leve nou ankò.
Fè limyè fas ou klere pou nou delivre.
 
5 Letènèl,
Dye dèz ame!
Jis kilè w ap sispann fache
Kont lapriyè pèp ou a?
6 Ou nouri yo ak pen dlo nan je,
Ou bay yo bwè anpil dlo nan je.
7 Ou fè nou tounen yon dispit pou vwazen nou yo.
Lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
8 Dye dèz ame,
leve nou ankò.
Fè limyè fas ou klere pou nou delivre.
 
9 Ou te rache yon pye rezen nan Lejip.
Ou te chase nasyon yo pou plante l.
10 Ou te fè plas pou li.
Li te plonje rasin li fon,
li ranpli peyi a.
11 Montay yo te kouvri ak lonbraj li.
Branch li yo te tankou pye sèd Bondye yo.
12 Li te tann branch li yo jis rive nan lanmè,
Boujon l yo te rive jis nan flèv la.
 
13 Pou kisa ou kraze miray li,
Pou tout moun k ap pase nan chemen ka keyi l?
14 Yon kochon nan bwa ravaje l,
Bèt savann devore l.
15 O Dye dèz ame yo,
tanpri,
tounen!
Depi nan syèl la,
gade epi wè!
Vizite pye rezen sa a.
16 Pwoteje sa w te plante ak men dwat ou,
Pitit ou te tabli pou ou a.
17 Yo koupe l,
yo boule l nan dife.
Yo peri devan w,
ou menm ki menase yo.
 
18 Mete men sou moun ki adwat ou a,
Sou pitit moun ou te tabli pou ou a;
19 E nou p ap mache lwen ou ankò.
Fè nou viv ankò,
e n ap envoke non ou.
20 Letènèl,
Dye dèz ame,
leve nou ankò.
Fè limyè fas ou klere pou nou delivre.