Pote nou sekou, paske Jerizalèm detui
79
Yon sòm Asaf.
O Bondye,
nasyon yo antre nan eritaj ou a,
Yo pwofane tanp ou ki sen,
Yo fè Jerizalèm tounen yon pil wòch.
2 Yo livre kadav sèvitè w yo
Pou zwazo nan syèl manje;
Yo livre kò fidèl ou yo bay bèt latè.
3 Nasyon yo vèse san tankou dlo toutotou Jerizalèm,
Pa gen pèsonn pou antere yo.
4 Nou tounen yon wont pou vwazen nou yo,
Yon mepriz,
yon rizib pou moun ki antoure nou.
5 Letènèl,
jis kilè w ap sispann fache?
Jiskilè jalouzi w ap boule tankou dife?
6 Vide kòlè ou sou nasyon ki pa konnen ou,
Sou wayòm ki pa envoke non ou.
7 Paske,
yo devore Jakòb,
Yo ravaje abitasyon l.
8 Pa sonje peche nou fè nan tan pase yo ankò.
Kite konpasyon ou prese vini devan nou,
Paske nou fèb anpil.
9 O Bondye delivrans mwen,
pote nou sekou,
Pou glwa non ou.
Delivre nou,
padone peche nou yo,
Poutèt non ou.
10 Pou kisa pou nasyon yo ta di:
«Kote Bondye yo a?»
Se pou moun konnen,
devan je nou,
pami nasyon yo,
Bondye vanje san sèvitè l yo ki te koule.
11 Se pou plent prizonye yo rive devan ou.
Ak grandè pisans ou,
sove sila yo ki pral peri.
12 O Senyè,
rann vwazen nou yo sèt fwa lavalè nan lestomak yo,
Pou mepriz yo lage sou ou.
13 E nou menm,
pèp ou,
twoupo ki nan savann ou yo,
N ap selebre w pou letènite,
N ap rakonte lwanj ou jenerasyon apre jenerasyon.