Fason Bondye te mennen pèp li nan jou pase yo
78
Yon kantik Asaf.
Pèp mwen,
tande enstriksyon mwen,
Pare zòrèy nou pou n tande pawòl bouch mwen.
2 M ap louvri bouch mwen pou m pale an parabòl.
M ap deklare istwa difisil tan lontan yo,
3 Bagay nou te konn tande,
bagay nou te konnen,
Bagay papa nou te konn rakonte nou.
4 Nou p ap kache pitit yo sa.
N ap rakonte jenerasyon k ap vini an lwanj Letènèl,
Pisans li ak mèvèy li te fè.
 
5 Paske,
li te mete yon temwayaj nan Jakòb,
Li pase yon lwa ann Izrayèl,
Li bay zansèt nou yo lòd pou yo montre pitit yo l.
6 Konsa jenerasyon k ap vini an,
Timoun ki gen pou fèt ap konnen.
Lè yo grandi,
y a rakonte l bay pitit yo,
7 Pou yo ka mete konfyans yo nan Bondye,
Pou yo pa bliye zèv Bondye yo,
Pou yo ka obsève kòmandman li yo.
8 Konsa,
yo p ap tankou zansèt yo,
Yon jenerasyon kou rèd,
ki rebèl,
Yon jenerasyon ki pa dwat nan kè yo,
Ki pa fidèl nan lespri yo devan Bondye.
 
9 Pitit Efrayim yo ki ame,
ki konn tire flèch,
Nan jou batay la,
yo vire do yo,
y ale.
10 Yo pa kenbe alyans Bondye a,
Yo refize mache daprè lalwa Bondye a.
11 Yo bliye zèv Bondye yo,
Yo bliye mèvèy li te montre yo.
12 Li te konn fè mirak devan zansèt yo,
Nan Lejip,
nan savann Zoan.
13 Li fann lanmè pou l fè yo pase.
Li fè dlo yo kanpe tankou yon miray.
14 Li gide yo ak yon nyaj lajounen.
Li gide yo ak yon limyè dife tout lannuit.
15 Li fann gwo woche nan dezè a,
Pou l ba yo bwè dlo ann abondans,
tankou fon lanmè.
16 Li fè sous dlo soti nan gwo woche a,
Li fè dlo desann tankou larivyè.
17 Men,
yo kontinye peche kont li.
Yo kontinye fè rebèl kont Bondye Trè wo a nan dezè a.
 
18 Yo tante Bondye nan kè yo,
Lè yo mande l manje daprè lanvi yo.
19 Yo pale kont Bondye,
yo di:
Èske Bondye ka pare yon tab nan dezè a?
20 Gade!
Li frape gwo woche a,
dlo koule a flo.
Rivyè koule a flo.
Èske Bondye ka bay pen tou?
Èske Bondye ka pare vyann pou pèp li?
 
21 Lè Letènèl tande yo,
li fè yon gwo kòlè;
Yon dife limen kont Jakòb,
Kòlè Bondye monte kont Izrayèl tou.
22 Paske,
yo pa t kwè nan Bondye,
Yo pa t mete konfyans yo nan delivrans li.
23 Epoutan,
li kòmande nyaj yo anwo,
Li louvri pòt syèl la.
24 Kòm manje,
li fè lamàn tonbe tankou lapli sou yo.
Li ba yo pen ki soti nan syèl.
25 Yo chak te manje pen zanj,
Li voye manje ann abondans pou yo.
26 Li fè yon van lès soufle nan syèl la.
Nan pisans li,
li fè van sid soufle.
27 Li fè yon lapli vyann tonbe tankou pousyè.
Li fè zwazo ki gen zèl tonbe tankou sab bò lanmè.
28 Li fè yo tonbe nan mitan kan yo,
Toutotou kote yo rete a.
29 Yo manje,
yo rasazye ann abondans.
Li ba yo sa yo te anvi.
30 Yo pa t ko sastisfè move lanvi yo,
Manje a te nan bouch yo toujou,
31 Lè kòlè Bondye monte kont yo,
Li tiye moun ki te pi gwo yo;
Li vide jèn gason Izrayèl yo atè.
32 Malgre sa,
yo kontinye peche toujou,
Yo pa t kwè nan mèvèy li yo.
33 Tankou yon vapè,
Bondye mete fen nan jou yo,
Nan yon dezas sanzatann,
li mete fen nan ane yo.
34 Lè Bondye te tiye kèk nan yo,
yo chèche Bondye,
Yo repanti,
yo tounen jwenn Bondye,
35 Yo vin sonje Bondye se woche yo,
Yo vin sonje Bondye Trè Wo a se liberatè yo.
 
36 Men,
yo te vle sedui Bondye nan pawòl yo,
Yo ba l manti ak lang yo.
37 Paske,
kè yo pa t byen dispoze devan Bondye,
Yo pa t fidèl nan alyans li.
38 Malgre sa,
li gen konpasyon pou yo,
Li padone peche yo,
li pa detui yo.
Anpil fwa li detounen kòlè li,
Li pa reveye tout kòlè li.
39 Bondye vin sonje se chè ase yo ye.
Yon souf ki ale men,
ki pa tounen.
 
40 Se pa ni de ni twa fwa yo fè rebèl kont li nan dezè a,
Se pa ni de ni twa fwa yo fè l lapenn nan savann sèch la.
41 Yo pa sispann tante Bondye,
Yo pa sispann pwovoke Bondye sen Izrayèl la.
42 Yo pa sonje pisans li,
Ni jou li te delivre yo anba lènmi;
43 Ni mirak li te fè ann Ejip yo,
Ni mèvèy li yo nan savann Zoan.
44 Li chanje flèv Nil yo a an san,
Yo pa t ka bwè dlo a.
45 Li voye mouchavè kont yo pou devore yo,
Li voye krapo ki detui yo.
46 Li lage rekòt yo anba krikèt abe,
Li lage fwi travay yo anba krikèt azil.
47 Li tiye jaden rezen yo ak lagrèl,
Li tiye pye sikomò yo ak fredi.
48 Li livre bèt domestik yo anba lagrèl,
Li livre twoupo yo anba kout loraj.
49 Li voye flanm kòlè li sou yo,
Kòlè,
endiyasyon ak detrès,
Yon bann zanj malè.
50 Li fè yon chemen pou kòlè li,
Li pa t epànye lavi yo anba lanmò,
Li livre yo anba maladi pès.
51 Li tiye tout premye pitit moun Lejip yo,
Premye fwi kouraj anba tant Kam yo.
52 Li fè pèp li soti tankou mouton,
Li kondui yo tankou yon twoupo nan dezè a.
53 Li kondui yo sen e sof,
yo pa tranble.
Lanmè a te kouvri lènmi yo.
54 Li mennen yo jis nan fwontyè peyi li ki sen,
Nan montay li te pran ak men dwat li.
55 Li chase nasyon yo devan yo,
Li bay yo l kòm eritaj.
Se nan tant yo li fè tribi Izrayèl yo abite.
 
56 Men,
yo tante Bondye Trè wo a,
Yo revòlte kont li,
Yo pa t kenbe temwayaj li yo.
57 Yo vire do yo,
yo trayi l tankou zansèt yo,
Yo devye tankou yon flèch ki pèdi direksyon.
58 Yo pwovoke l ak mòn sakre yo.
Yo eksite jalouzi l ak imaj taye.
59 Bondye te tande,
li fache,
Li voye Izrayèl jete byen lwen.
60 Li abandone tabènak li Silo,
Tant kote l te abite nan mitan moun yo.
61 Li livre fòs pou yo mennen l nan kaptivite.
Li kite glwa li nan men lènmi yo.
62 Li livre pèp li anba epe,
Li fache kont eritaj li a.
63 Dife devore jèn gason yo,
Yo pa fè fèt pou fi ki vyèj yo.
64 Sakrifikatè yo tonbe anba epe,
Vèv yo pa kriye pou yo.
 
65 Senyè a reveye tankou yon moun ki t ap dòmi,
Tankou yon vanyan gason ki pote laviktwa sou diven.
66 Li frape advèsè l yo ki pran kouri,
Li kouvri yo ak lawont ki la pou tout tan.
67 Epoutan,
li voye tant Jozèf la jete,
Li pa t chwazi tribi Efrayim nan.
68 Men,
li chwazi tribi Jida,
Mòn Siyon li renmen an.
69 Li bati sangtyè li tankou kote ki byen wo,
Tankou latè li te tabli pou tout tan an.
70 Li chwazi David,
sèvitè li,
Li te retire l dèyè twoupo yo.
71 Li retire l dèyè mouton ki te nan tete,
Pou l pran swen Jakòb,
pèp li,
Izrayèl,
eritaj li.
72 David pran swen yo ak tout kè li,
Li kondui l avèk men ki abil.