Ankourajman nan difikilte
77
Pou Maestwo koral la.
Sou Jedoutoun.
Yon sòm Asaf.
2 Vwa mwen monte jwenn Bondye,
e m ap kriye.
Vwa mwen monte jwenn Bondye,
e li tande m.
3 Nan jou detrès mwen,
mwen chèche Senyè a.
Lannuit,
men m lonje san l pa fatige,
Nanm mwen refize tout konsolasyon.
4 Mwen sonje Bondye,
mwen jemi.
Mwen medite,
epi lespri m afebli.
– Poze!
5 Ou kenbe popyè je m louvri.
Mwen twouble,
e m pa ka pale.
6 Mwen panse a jou ki pase yo,
Ak ane ki pase lontan yo.
7 Lannuit mwen sonje kantik mwen an,
Mwen medite nan kè mwen,
Mwen egzamine nan lespri mwen.
8 Èske Senyè a voye m jete pou tout tan?
Èske l ap janm fè m favè li ankò?
9 Èske li sispann bonte li pou tout tan?
Èske pawòl li fini jenerasyon apre jenerasyon?
10 Èske Bondye bliye fè gras?
Nan kòlè li,
èske li retire konpasyon li?
– Poze!
11 Epi mwen di:
«Men sa ki fè m soufri:
Men dwat Bondye Trè wo a pa menm jan an ankò.»
12 M ap sonje zèv Letènèl yo,
Paske,
mwen sonje mèvèy ou yo nan tan lontan.
13 M ap medite sou tout zèv ou yo,
M ap reflechi sou gwo travay ou fè yo.
14 O Bondye,
chemen ou yo sen.
Ki dye ki gran tankou Bondye?
15 Ou se Bondye ki fè mèvèy.
Ou fè konnen pisans ou nan mitan pèp yo.
16 Ou rachte pèp ou ak ponyèt ou,
Pitit Jakòb ak pitit Jozèf yo.
– Poze!
17 Dlo yo wè w,
Bondye,
dlo yo wè w,
Yo tranble,
Abim yo ajite.
18 Nyaj yo vèse dlo.
Syèl la fè tande vwa li.
Wi,
flèch ou yo vole pasi pala.
19 Kout loraj sonnen nan toubiyon yo.
Zeklè yo briye sou lemonn.
Latè ajite,
li tranble.
20 Ou fè chemen w nan mitan lanmè yo,
Yon wout nan mitan gwo dlo yo.
Epoutan,
yo pa wè tras ou.
21 Ou gide pèp ou a tankou yon twoupo
Avèk men Moyiz ak Aawon.