Bondye ranpòte laviktwa
76
Pou maestwo koral la.
Sou enstriman a kòd.
Yon sòm Asaf.
Yon chan.
2 Yo konnen Bondye nan Jida,
Non li gran ann Izrayèl.
3 Li gen tant li nan Salèm.
Li abite nan Siyon.
4 Se la li te kase flèch ki t ap fè dife yo,
Boukliye,
epe ak zam lagè yo.
– Poze!
 
5 Ou pi klere,
ou pi gran
Pase montay ravisè yo.
6 Yo piye vanyan gason ki gen kè,
Yo dòmi dènye dòmi yo.
Pèsonn nan vanyan gason yo pa t ka leve men yo.
7 O Bondye Jakòb la,
depi ou menase yo,
Yo dòmi,
ni kavalye ni cheval.
 
8 Ou menm Bondye,
ou terib.
Kilès ki ka kanpe devan w,
lè kòlè w eklate?
9 Depi kote w ye nan syèl la,
ou fè tande jijman ou.
Latè,
nan krentif li,
rete trankil,
10 Lè Bondye leve pou l fè jistis,
Pou l delivre tout malere sou latè.
– Poze!
 
11 Paske,
menm kòlè lòm fè lwanj ou,
Ou antoure ak yon rès kòlè.
12 Fè ve bay Letènèl,
Bondye nou an,
epi respekte yo.
Se pou tout moun ki antoure li pote kado pou Bondye terib la.
13 L ap koupe souf chèf yo,
Li terib pou tout wa latè.