Bondye ap ogmante fòs jis la
75
Pou Maestwo koral la.
Sou «Pa detui.»
Yon sòm Asaf.
Yon chan.
2 N ap louwe ou,
Bondye,
n ap louwe ou,
Paske,
non ou tou pre;
Mèvèy ou yo rakonte sa.
3 Nan tan mwen fikse a,
Se mwen menm k ap jije avèk jistis.
4 Lè latè fonn ak tout sa ki abite ladan l,
Se mwen menm ki fè poto l yo vin fèm.
– Poze!
5 Mwen di moun k ap vante tèt yo:
Pa vante tèt nou!
Mwen di mechan yo:
Pa leve kòn nou!
6 Pa leve kòn nou wo konsa,
Pa pale ak kou rèd konsa.
7 Paske,
leve tèt pa soti ni an oryan ni ann oksidan,
Li pa soti nan dezè.
8 Paske,
se Bondye k ap jije,
Li bese yon moun,
li leve yon lòt.
9 Letènèl gen yon gode nan men l,
Yon diven tou wouj ki plen melanj.
Li vide l:
Tout mechan yo souse,
Yo bwè l jis nan dènye ma.
10 Men,
mwen menm,
m ap toujou anonse bagay sa yo.
M ap chante pou Bondye Jakòb la.
11 M ap kraze tout kòn mechan yo,
Kòn jis la ap monte pi wo.