Lamantasyon sou lye sen an
74
Yon kantik Asaf.
O Bondye,
pou kisa ou voye nou jete pou tout tan?
Poukisa flanm kòlè ou monte,
Kont mouton ki nan savann ou?
2 Sonje asanble w la
Ou te achte depi lontan an.
Se tribi eritaj ou a.
Sonje montay Siyon,
kote ou abite a.
 
3 Toujou leve pye w ale kote ki devaste yo,
Lènmi ravaje tout bagay nan lye sakre a.
4 Advèsè ou begle nan mitan asanble w la.
Yo mete ansèy yo kòm siy.
5 Yo konnen yo tankou yon nonm
K ap leve yon rach sou pyebwa pwès.
6 Kounye a,
yo kraze tout dekorasyon yo,
Ak kout rach ak kout mato.
7 Yo voye dife nan lye sen an.
Yo pwofane kote ki apa pou non w lan,
yo vide l atè.
8 Yo di nan kè yo:
«Annou kraze l nèt.»
Yo boule tout kote ki apa pou Bondye yo nan peyi a.
9 Nou pa wè siy nou yo ankò.
Pa gen pwofèt ankò.
E pa gen pèsonn nan nou ki konnen jis kilè …
10 O Bondye,
jis kilè moun k ap peze nou yo ap sispann joure?
Jis kilè lènmi an ap sispann blasfème non ou?
11 Pou kisa ou retire men w,
men dwat ou?
Lonje men w,
detui yo.
 
12 Epoutan Bondye se wa mwen depi lontan.
Se li menm ki fè delivrans nan mitan tout latè.
13 Ou te fann lanmè ak pisans ou,
Ou te kraze tèt dragon sou lanmè.
14 Se ou menm ki te kraze tèt kwokodil,
Pèp ki abite nan dezè,
ou bay yo l kòm manje.
15 Ou te fè sous ak ravin vide dlo,
Se ou menm ki seche flèv ki toujou ranpli ak dlo.
16 Lajounen se pou ou,
lannuit se pou ou.
Se ou menm ki te prepare limyè ak solèy.
17 Se ou menm ki te fikse tout limit latè.
Se ou menm ki fè sezon lete ak livè.
 
18 Sonje sa:
Lènmi an ap joure Letènèl.
Yon pèp ki san konprann ap meprize non ou.
19 Pa bay bèt nanm toutrèl ou a.
Pa kontinye bliye lavi malere w yo.
20 Konsidere alyans ou a,
Paske,
zòn ki fè nwa nan peyi a ranpli ak twou vyolans.
21 Pa kite moun y ap peze a soti wont,
Se pou malere a ak pòv la louwe non ou.
22 Leve,
Bondye!
Defann kòz ou.
Sonje tout repwòch moun san konprann yo ap fè w chak jou.
23 Pa bliye vwa advèsè w yo,
Pa bliye eskandal moun ki leve kont ou yo.