Liv 3, Sòm 73-89
Pye m t apral glise
73
Yon sòm Asaf.
Wi,
Bondye bon pou Izrayèl,
Pou moun ki gen kè yo pwòp.
2 Men,
pou mwen menm,
pye m t apral bite.
Pye m t apral glise.
3 Paske,
mwen te pote lanvi sou awogan yo,
Lè mwen wè bonè mechan yo.
4 Anyen pa toumante yo jis yo mouri,
Yo gra nan kò yo.
5 Yo pa gen pwoblèm moun konn genyen.
Yo pa toumante menm jan ak lòt moun.
6 Se poutèt sa,
se lògèy ki sèvi chenn nan kou yo.
Vyolans se rad ki vlope yo.
7 Je yo gonfle ak grès.
Imajinasyon kè yo depase mezi.
8 Y ap moke,
y ap pale ak mechanste pou peze moun.
Yo pale ak awogans.
9 Yo leve bouch yo kont syèl la,
Lang yo ap pwomennen sou tè a.
 
10 Konsa,
pèp li a tounen jwenn yo,
Yo bwè dlo labondans.
11 Yo di:
Kòman Bondye ap fè konnen?
Èske gen konesans nan Bondye Trè Wo a?
12 Gade!
Se konsa mechan yo ye.
Yo toujou alèz nan anpile richès yo.
13 Vrèman,
se an ven mwen te pirifye kè m.
Se an ven mwen te lave men m nan inosans.
14 Chak jou mwen frape.
Chak maten chatiman m nan la.
15 Si m te di:
«Mwen vle pale tankou yo,»
Gade!
Mwen t ap trayi jenerasyon pitit ou yo.
 
16 Mwen te reflechi pou m konprann sa.
Pwoblèm nan te gran devan je m
17 Jiskaske mwen ale nan sangtyè Bondye a.
Mwen vin konprann sò mechan yo.
18 Wi,
ou mete yo sou chemen ki glise,
Ou jete yo nan dezas.
19 Kòman yo fè detui nan yon moman!
Yo disparèt,
yo fini nèt ak latèrè.
20 O Senyè,
tankou lè yon moun reveye nan rèv,
Se konsa ou meprize imaj yo,
lè ou reveye.
 
21 Lè kè m te vin anmè,
Lè m te santi zantray mwen t ap pèse,
22 Mwen te egare,
mwen te san konesans.
Mwen te tankou bèt devan ou.
23 Men,
mwen toujou avè w.
Ou kenbe men dwat mwen.
24 Ou gide m ak konsèy ou.
Apre sa,
w ap resevwa m nan laglwa.
25 Apre ou menm,
kilès mwen gen nan syèl?
E sou tè a,
se nan ou sèl mwen pran plezi.
26 Kò mwen,
kè mwen ka depafini,
Bondye ap toujou rete woche kè m ak eritaj mwen.
27 Paske,
gade!
Moun ki ale lwen ou peri,
Ou detui tout moun ki enfidèl.
28 Pou mwen menm,
pwoche kote Bondye,
se sa ki byen mwen.
Mwen fè Senyè a,
Letènèl,
tounen refij mwen.
Konsa,
m a rakonte tout zèv li yo.