Se pou Bondye beni wa a
72
Pou Salomon.
O Bondye,
fè wa a konnen jijman ou yo,
Bay pitit wa a jistis ou.
2 L a jije pèp ou a daprè ladwati,
La jije malere ou yo ak jistis.
3 Montay yo va pote lapè pou pèp la;
Ti mòn yo tou,
akòz jistis ou.
4 L ap defann malere nan mitan pèp la,
L ap delivre pitit pòv yo;
L ap kraze moun k ap peze yo.
5 Y ap gen krentif pou ou,
toutotan solèy la egziste,
Toutotan lalin nan la,
jenerasyon apre jenerasyon.
 
6 L ap desann tankou lapli k ap tonbe sou yon tè sekle,
Tankou lapli ki awoze tè a.
7 Pandan jou l yo,
jis la ap fleri,
Lapè ap grandi jiskaske pa gen lalin ankò.
8 Li va domine soti nan yon lanmè rive nan yon lòt,
Soti nan flèv la rive nan dènye bout latè.
9 Moun ki rete nan dezè va mete ajenou devan li,
Lènmi l yo va niche pousyè.
10 Wa Tasis yo ak zile yo va pote kado.
Wa Cheba ak wa Seba va ofri kado.
11 Tout wa yo va vin koube devan li,
Tout nasyon yo va sèvi li.
12 Paske,
l ap delivre pòv k ap kriye,
Ak malere ki san sekou.
 
13 L ap gen konpasyon pou endijan ak pòv,
L ap sove lavi pòv yo.
14 L ap rachte lavi yo anba vòl ak vyolans,
San yo va gen pri nan je li.
15 Li va viv.
Yo va ba li lò peyi Seba.
Yo va priye pou li san rete.
Yo va beni l chak jou.
16 Va gen ble ann abondans nan peyi a.
Sou tèt mòn yo,
fwi yo va sekwe tankou pyebwa nan Liban.
Moun ap fleri nan vil yo tankou zèb latè.
17 Non l ap toujou rete.
Toutotan gen solèy,
non l ap pwopaje.
Moun va pran non l pou bay benediksyon,
Tout nasyon yo va di l byennere.
 
18 Benediksyon pou Letènèl Bondye,
Bondye Izrayèl la,
li menm sèl ki ka fè mèvèy!
19 Benediksyon tout tan pou non li ki plen glwa!
Se pou tout latè ranpli ak glwa li!
Amèn!
Amèn!
 
20 Se la priyè David,
pitit Izayi,
a fini.