Pa voye m jete pandan vyeyès mwen
71
Letènèl,
se nan ou mwen chèche refij mwen.
Pa janm kite m wont.
2 Sove m,
delivre m nan jistis ou.
Panche zòrèy ou bò kote m e sove m.
3 Se pou w devni woche kote pou m kache,
Yon kote mwen ka toujou vini.
Ou te bay lòd pou m ka delivre;
Paske,
ou se woche mwen,
ou se fòtrès mwen.
4 O Bondye,
delivre m anba men mechan,
Anba men moun k ap fè lenjistis ak moun ki kriyèl.
5 Paske,
Senyè,
ou se espwa mwen.
Letènèl,
depi m te jèn mwen mete konfyans mwen nan ou.
6 Depi nan vant,
se sou ou m apiye m,
Se ou menm ki te fè m soti nan vant manman m,
Se ou menm m ap louwe san rete.
7 Mwen tankou yon mèvèy pou anpil moun,
Paske,
se ou menm ki refij pisan mwen.
8 Se pou bouch mwen plen ak lwanj,
Se pou bouch mwen plen ak majeste ou chak jou.
 
9 Pa voye m jete lè m vin vye,
Pa abandone m lè fòs mwen kite m.
10 Paske,
lènmi m yo ap pale m mal.
Moun k ap veye pou pran lavi m yo ap fè konplo ansanm.
11 Yo di:
Bondye abandone l.
Rapousuiv li,
kenbe l.
Pa gen pèsonn pou delivre l.
12 O Bondye,
pa rete lwen mwen,
Prese vin pote m sekou.
13 Moun ki rayi lavi m yo,
Se pou yo wont,
se pou yo fini nèt.
Se pou wont ak dezonè vlope yo,
Moun k ap chèche malè pou mwen yo.
14 Men,
m ap toujou gen esperans,
M ap louwe ou deplizanpli.
15 Chak jou,
bouch mwen va rakonte jistis ou ak delivrans ou.
Paske,
mwen pa konnen ki kantite yo ye.
16 M ap vin rakonte pisans Senyè a,
pisans Letènèl.
M ap fè sonje jistis ou,
jistis ou sèlman.
 
17 O Bondye,
ou te enstui m depi lè m te jèn.
Jiska prezan,
m ap anonse mèvèy ou yo.
18 O Bondye,
pa abandone m,
Menm nan vyeyès mwen,
lè cheve m blanchi,
Pou m ka fè konnen fòs ou nan jenerasyon sa a,
Pisans ou pou moun k ap vini yo.
19 O Bondye,
jistis ou rive byen wo,
Ou fè gwo bagay.
O Bondye,
kilès ki tankou w?
20 Ou fè nou wè anpil detrès ak malè.
Men,
w ap ban nou lavi ankò.
W ap fè nou monte soti ankò nan labim latè.
21 Ogmante grandè mwen,
Tounen pou konsole m.
22 E mwen menm tou,
m ap louwe ou ak son hap.
Bondye mwen,
m ap louwe fidelite ou,
O Bondye sen Izrayèl la,
m ap chante pou ou ak son hap.
23 Menm jan ak nanm mwen ou rachte a,
Bouch mwen va kontan anpil lè m ap chante pou ou.
24 Lang mwen va rakonte jistis ou tou.
Paske,
moun k ap chèche malè m yo ap wont,
y ap nan konfizyon.