Bondye, prese vin delivre m
70
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
Pou fè sonje.
2 O Bondye,
vin delivre m!
O Letènèl,
prese vin pote m sekou!
3 Moun k ap chèche pran lavi m yo,
Se pou yo tout wont,
se pou yo tout jennen.
Se pou yo fè bak,
se pou yo wont,
Moun ki ta renmen m peri yo.
4 Moun k ap di:
Aa!
Aa!
Se pou yo fè bak tèlman yo wont,
5 Se pou tout moun k ap chèche ou fete,
Se pou yo rejwi nan ou.
Se pou moun ki renmen delivrans ou di san rete:
Se pou Bondye egzalte.
6 Mwen malere,
mwen pòv,
O Bondye,
prese pou mwen.
Ou se sekou mwen,
ou se liberatè mwen.
Letènèl,
pa mize!