Jalouzi mwen pou kay ou a ap manje kè mwen
69
Pou Maestwo koral la.
Sou flèdelis.
Pou David.
2 O Bondye,
sove m!
Paske,
dlo yo menase lavi m.
3 Mwen plonje nan labou san m pa ka kanpe;
Mwen tonbe byen fon nan dlo,
kouran yo kouvri m.
4 Mwen bouke kriye,
gòj mwen sèch,
Je m afebli tèlman m ap tann Bondye m nan.
5 Moun ki rayi m pou granmesi yo
Pi plis pase cheve nan tèt mwen.
Yo pisan,
moun ki vle fini avè m,
Moun ki lènmi m pou granmesi yo.
Fò mwen remèt sa m pa t vòlè!
6 O Bondye,
ou konnen foli mwen,
Zak koupab mwen yo pa kache devan ou.
7 Pa kite moun k ap tann ou yo wont akòz mwen menm,
O Senyè,
Letènèl dèz ame!
O Bondye Izrayèl la,
Pa kite moun k ap chèche ou yo wont akòz mwen menm!
8 Paske,
se poutèt ou m ap pote repwòch,
Lawont bouche figi m.
9 Mwen devni yon enkoni pou frè m yo,
Mwen devni yon etranje pou pitit manman m yo.
10 Paske,
jalouzi mwen pou kay ou va manje kè mwen,
Jouman moun k ap joure w yo tonbe sou mwen.
11 Mwen kriye nan nanm mwen pandan m ap jene,
Se sa ki rale lawont sou mwen.
12 Mwen pran yon rad sak pou rad,
Mwen tounen yon pwovèb pou yo.
13 Sila yo ki chita nan pòtay la ap pale sou mwen,
Moun ki bwè tafya yo chante sou mwen.
14 Men,
mwen menm,
Letènèl,
se ou menm mwen priye.
O Bondye,
nan gran bonte ou,
fè se tan sa a ki favorab,
Reponn mwen nan verite delivrans ou.
15 Retire m nan labou pou m pa plonje,
Se pou m delivre anba moun ki rayi m yo ak dlo fon.
16 Pa kite kouran dlo yo kouvri m,
Pa kite labim nan vale m,
Pa kite twou a fèmen bouch li sou mwen.
17 Letènèl,
reponn mwen,
paske fidelite ou bon.
Nan gran konpasyon ou,
vire je gade m.
18 Pa kache fas ou pou sèvitè w,
Paske mwen nan detrès;
prese reponn mwen.
19 Pwoche pre nanm mwen,
rachte l.
Libere m akòz lènmi m yo.
20 Ou menm,
ou konnen dezonè m,
lawont mwen ak desepsyon m.
Tout advèsè m yo devan ou.
21 Lawont brize kè m e mwen malad,
Mwen t ap tann konpasyon,
men anyen!
Mwen t ap tann moun pou konsole m,
men,
mwen pa jwenn.
22 Yo mete fyèl nan manje m,
Pou pase swaf mwen,
yo ban m bwè vinèg.
23 Se pou tab yo tounen yon pyèj devan yo,
Se pou byen yo tounen yon pèlen.
24 Se pou je yo vin fènwa,
pou yo pa wè.
Fè ren yo toujou tranble.
25 Vide malediksyon w sou yo,
Se pou flanm kòlè ou atrap yo.
26 Se pou kote yo rete a devaste,
Se pou pèsonn pa abite nan tant yo.
27 Paske,
yo pèsekite moun ou frape a,
Yo rakonte soufrans moun ou blese a.
28 Mete inikite sou inikite yo,
Pa kite yo jwenn nan jistis ou.
29 Se pou non yo efase nan liv lavi a,
Pa kite yo enskri ansanm ak jis yo.
30 Mwen se yon pòv,
m ap soufri.
O Bondye,
se pou delivrans ou leve m wo!
31 M ap louwe non Bondye nan yon chan,
M ap egzalte l ak rekonesans.
32 Sa bon pou Letènèl a plis pase yon bèf,
Plis pase yon jèn towo ki gen kòn ak zago.
33 Malere yo wè sa,
e yo rejwi.
Nou menm k ap chèche Bondye,
Se pou kè nou viv.
34 Paske,
Letènèl tande pòv yo,
Li pa meprize prizonye l yo.
35 Se pou syèl ak latè louwe li,
Lanmè ak tout sa k ap fè mouvman ladan.
36 Paske,
Bondye ap sove Siyon,
l ap bati vil Jida yo,
Moun va abite ladan e yo va posede l.
37 Desandans sèvitè w yo ap genyen l pou eritaj.
Moun ki renmen non li ap abite ladan.