Bondye se refij nou
46
Pou Maestwo koral la.
Yon kantik pitit Kore yo.
Sou alamòt.
2 Bondye se yon refij,
se yon api pou nou,
Yon sekou ki toujou la,
lè moun nan detrès.
3 Se poutèt sa nou pa pè lè latè boulvèse,
Lè montay yo chavire tonbe nan mitan lanmè,
4 Lè vag lanmè ap gwonde,
lè y ap kimen,
Lè yo gonfle jis yo fè montay yo tranble.
– Poze!
5 Gen yon flèv.
Kouran l yo fè vil Bondye a kontan,
Se tabènak ki apa pou Bondye Trè Wo a.
6 Bondye nan mitan vil sa a;
vil sa a p ap brannen.
Bondye pote l sekou depi granmaten.
7 Nasyon yo ajite,
wayòm yo brannen.
Bondye fè tande vwa li,
epi latè fonn.
8 Letènèl dèz ame avèk nou,
Bondye Jakòb la se yon fòtrès pou nou.
– Poze!
9 Vini!
Gade travay Letènèl yo byen.
Gade ravaj li fè sou latè.
10 Se li menm ki fè lagè sispann nan dènye bout latè.
Li kraze banza,
li kase lans,
Li boule cha de gè nan dife.
11 Sispann!
Konnen mwen se Bondye!
Mwen domine nasyon yo,
mwen domine latè.
12 Letènèl dèz ame avèk nou,
Bondye Jakòb la se yon fòtrès pou nou.
– Poze!