Maryaj wa a
45
Pou Maestwo Koral la.
Sou flèdelis.
Yon kantik pitit Kore yo.
Yon chan damou.
2 Kè m ap bouyi ak bon pawòl.
Mwen di:
Travay mwen se pou wa a.
Se pou lang mwen tounen yon plim nan men yon ekriven abil.
3 Pami pitit lèzòm yo,
se ou ki pi bèl.
Pawòl dous ap koule nan bouch ou.
Se poutèt sa Bondye beni w tout tan.
4 Vanyan gason,
pase epe ou nan senti ou:
Se onè w,
se glwa ou!
5 Wi,
nan glwa ou,
pote laviktwa,
monte sou cha ou,
Defann laverite,
imilite ak lajistis.
Se pou men dwat ou montre aksyon ki bay krentif.
6 Flèch ou yo file;
Pèp yo tonbe anba w.
Flèch ou yo pèse kè lènmi wa a.
7 O Bondye,
twòn ou la pou le tan e pou letènite.
Baton kòmandman wayòm ou an se yon baton kòmandman ki jis.
8 Ou te renmen jistis,
e ou te rayi rebelyon.
O Bondye,
se poutèt sa sila ki Bondye w la te konsakre w;
Li te vide yon luil kontantman sou ou pito,
olye sou konpayon w yo.
9 Lami,
lalwa ak kas fè tout rad ou santi bon.
Nan palè ann ivwa yo,
enstriman a kòd yo fè w kontan.
10 Gen pitit fi wa pami medam donè w yo.
Rèn nan kanpe adwat ou,
li dekore ak lò Òfi.
11 Tande,
pitit fi m,
gade epi panche zòrèy ou.
Bliye pèp ou a ak lakay papa w.
12 Wa a renmen ou,
ou bèl.
Onore l,
paske li se mèt ou.
13 Pitit fi Ti a,
Moun rich nan pèp ou va chèche favè w ak kado.
14 Pitit fi wa a,
anndan palè a,
plen ak onè.
Rad li bwode annò.
15 Yo mennen l bay wa a,
li abiye ak rad bwode.
Dèyè l,
yo mennen jèn fi,
konpayon l yo ba ou.
16 Yo prezante yo nan mitan lajwa ak rejwisans,
Yo antre nan palè wa a.
17 Pitit ou yo ap pran plas zansèt ou yo.
W ap mete yo prens nan tout peyi a.
18 M ap fè sonje non ou nan tout jenerasyon.
Konsa,
pèp yo va selebre w pou le tan e letènite.