Leve pou w vin pote m sekou
44
Pou Maestwo koral la.
Yon kantik pitit Kore yo.
2 Bondye,
nou te tande ak zòrèy nou,
Zansèt nou yo te rakonte nou
Travay ou te fè nan tan pa yo,
Nan jou pase yo.
3 Avèk men ou,
ou te chase nasyon yo pou w tabli yo.
Ou frape anpil pèp pou etann yo.
4 Paske,
se pa ak epe yo,
yo te posede tè a.
Se pa t ponyèt yo ki te sove yo.
Men,
se men dwat ou,
se ponyèt ou,
se limyè fas ou,
Paske,
ou pran plezi nan yo.
5 O Bondye,
se ou menm ki wa mwen.
Bay lòd pou Jakòb jwenn delivrans.
6 Avèk ou n ap fè lènmi nou yo kilbite.
Nan non ou,
n ap foule moun ki leve kont nou yo anba pye.
7 Paske,
se pa nan banza m mwen konfye m.
Epe mwen p ap ka sove m.
8 Men,
se ou menm k ap sove nou anba advèsè nou yo.
Se ou menm k ap fè moun ki rayi nou yo wont.
9 Nou glorifye nou nan Bondye chak jou,
N ap louwe non ou pou tout tan.
– Poze!
10 Epoutan,
ou voye nou jete.
Ou kouvri nou ak lawont.
Ou pa soti ak lame nou yo ankò.
11 Ou fè nou fè bak devan lènmi nou yo.
Moun ki rayi nou yo piye nou.
12 Ou livre nou tankou mouton pou yo devore.
Ou gaye nou nan mitan nasyon yo.
13 Ou vann pèp ou a pou granmesi.
Ou pa fè benefis sou pri yo.
14 Ou fè nou tounen lawont pou vwazen nou yo,
Yon mepriz,
yon rizib pou moun ki antoure nou.
15 Ou fè nou tounen yon pwovèb pami nasyon yo.
Moun souke tèt yo sou nou pami pèp yo.
16 Chak jou dezonè m nan devan mwen.
Lawont mwen bouche figi m,
17 Lè m tande moun k ap meprize m,
moun k ap pase m nan rizib,
Lè m wè lènmi an ak moun k ap vanje tèt yo.
18 Tout sa rive nou san nou pa bliye ou,
San nou pa vyole alyans ou.
19 Nou pa detounen nan kè nou,
Ni nou pa mache lwen chemen ou.
20 Men,
ou kraze nou nan mitan chakal,
Ou kouvri nou anba lonbraj lanmò.
21 Si nou te bliye non Bondye nou an,
Si nou te tann men nou bay yon dye etranje,
22 Èske Bondye pa t ap dekouvri sa,
Li menm ki konnen sekrè ki nan kè?
23 Poutèt ou menm,
se toulejou y ap tiye nou,
Yo konsidere nou tankou mouton y ap gòje.
24 Leve!
Poukisa w ap dòmi,
Senyè.
Reveye w!
Pa voye nou jete pou tout tan.
25 Poukisa ou kache fas ou?
Poukisa ou bliye jan nou nan mizè nou ak jan y ap peze nou.
26 Wi,
nanm nou neye nan pousyè.
Kò nou kole nan tè.
27 Leve pou w pote nou sekou.
Rachte nou akòz fidelite ou.