Mete espwa ou nan Bondye
43
Fè m jistis,
Bondye.
Defann kòz mwen kont yon nasyon ki pa fidèl.
Delivre m anba moun k ap twonpe moun,
moun k ap bay manti.
2 Paske,
se ou,
Bondye,
k ap pwoteje mwen.
Poukisa ou voye m jete?
Poukisa mwen dwe mache nan tristès,
Anba lènmi k ap peze m nan?
3 Voye limyè ou ak verite w.
Se pou yo gide m.
Se pou yo mennen m nan montay ou a ki sen epi nan tabènak ou yo.
4 Mwen prale nan lotèl Bondye a,
Nanm mwen,
poukisa w ap depafini epi w ap jemi anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye,
paske,
m a louwe l ankò.
Li se delivrans,
Bondye mwen.
Ki se lajwa mwen ak rejwisans mwen.
O Bondye,
Bondye mwen,
m ap louwe ou avèk hap.
5 Nanm mwen,
poukisa w ap depafini epi w ap jemi anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye,
paske,
m a louwe l ankò.
Li se delivrans mwen,
Bondye mwen.