Liv 2, Sòm 42-72
Tankou yon bich k ap chèche dlo
42
Pou Maestwo koral la.
Yon kantik pitit Kore yo.
2 Tankou yon bich ki swaf anpil ap chèche ravin dlo,
Se konsa nanm mwen swaf ou anpil,
Bondye.
3 Nanm mwen swaf Bondye,
Bondye vivan an.
Kilè m a ale pou m parèt devan fas Bondye?
4 Dlo je m,
se sa ki manje m lajounen tankou lannuit,
Pandan moun ap di m chak jou:
Kote Bondye w la?
5 Kè m ap rache,
lè m ap sonje bagay sa yo,
Lè mwen t ap mache ak foul la;
Lè mwen t ap mennen yo lakay Bondye,
Nan mitan chan lajwa ak remèsiman
Yon foul moun k ap fete.
 
6 Nanm mwen,
poukisa w ap depafini,
Poukisa w ap jemi anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye,
paske m a louwe l ankò pou delivrans li.
7 O Bondye,
nanm mwen depafini anndan m.
Konsa se ou m ap sonje depi nan peyi Jouden,
Depi Èmon,
depi mòn Miza.
8 Yon delij dlo mennen yon lòt delij dlo anba bri gwo dlo w yo.
Tout flo ak tout vag ou yo pase sou mwen.
9 Lajounen,
Letènèl voye gras li.
Lannuit,
chan li akonpànye m.
Se yon priyè mwen fè bay Bondye lavi m nan.
 
10 Mwen di Bondye,
Woche m nan:
Poukisa ou bliye m?
Poukisa m dwe viv nan tristès,
Anba lènmi k ap peze m nan?
11 Zo m yo kraze,
lè advèsè m ap meprize m,
Pandan y ap di m chak jou:
Kote Bondye w la?
12 Nanm mwen,
poukisa w ap depafini epi w ap jemi anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye,
paske,
m a louwe l ankò.
Li se delivrans,
Bondye mwen.