Priyè pou gerizon
41
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Benediksyon pou moun ki pran ka pòv la.
Letènèl ap delivre l nan jou detrès.
3 Letènèl pwoteje li,
epi li prezève lavi l.
Li se moun beni sou tè a.
Epi ou p ap lage l nan men lènmi l yo.
4 Letènèl pwoteje l sou kabann soufrans li.
Ou ap chavire kabann maladi kote l kouche a.
5 Mwen menm,
mwen di:
Letènèl,
gen pitye pou mwen.
Geri nanm mwen,
paske mwen peche kont ou.
6 Lènmi m yo pale de mwen ak mechanste:
Kilè l a mouri?
Kilè y a bliye non l?
7 Lè youn vin wè mwen,
li bay manti.
Li rasanble inikite nan kè l.
Li soti,
l al pale sa deyò.
8 Tout lènmi m yo ap chichote ansanm sou mwen.
Y ap fè plan mechanste kont mwen.
9 Yo di:
Yon move maladi tonbe sou li.
Men li pran kabann,
li p ap leve ankò.
10 Menm moun mwen te byen avè l,
Moun mwen te fè konfyans,
ki t ap manje manje m,
Leve kont mwen.
 
11 Men,
ou menm,
Letènèl,
gen pitye pou mwen epi leve m.
Pou m ka rekonpanse yo.
12 M ap konnen ou renmen m vre,
Si lènmi m yo pa triyonfe sou mwen.
13 Mwen menm,
ou te soutni m akòz entegrite mwen.
Ou fè m kanpe devan ou pou tout tan.
 
14 Se pou Letènèl,
Bondye Izrayèl la,
beni
Pou tout letènite!
Amèn!
Amèn!