Mwen swete Senyè panse avè m
40
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Mwen te mete tout espwa mwen nan Letènèl,
Li panche bò kote m,
epi li tande kri mwen.
3 Li rale m monte sot nan twou dezas,
Nan fon labou.
Li mete m kanpe sou yon woche.
Li fè pye m vin fèm.
4 Li mete yon chan nouvo nan bouch mwen,
Yon chan lwanj pou Bondye nou an.
Anpil moun wè sa,
y ap gen krentif,
Epi y ap konfye yo nan Letènèl.
5 Benediksyon pou moun ki mete konfyans li nan Letènèl,
Ki pa tounen al jwenn awogan yo,
Ak moun k ap pase nan chemen manti.
6 Letènèl,
Bondye mwen,
Ou miltipliye mèvèy ak pwojè ou yo pou nou.
Pa gen anyen ki ka konpare avè ou.
Mwen ta renmen pwoklame mèvèy ou yo epi pale de yo,
Men,
yo twòp pou mwen,
pou m konte yo.
7 Se pa nan sakrifis ak ofrann ou pran plezi.
Se zòrèy mwen ou louvri,
Se pa olokos ni sakrifis pou peche ou mande.
8 Lè sa a,
mwen di:
Gade!
M ap vini.
Yo te ekri sou mwen nan woulo liv* la.
9 O Bondye,
mwen pran plezi nan fè volonte ou.
Lalwa ou nan fon kè m.
10 Mwen fè konnen jistis ou nan gran asanble a.
Gade!
Mwen pa fèmen bouch mwen.
O Letènèl,
ou konnen sa.
11 Mwen pa sere jistis ou an sekrè nan kè mwen.
Mwen pale de fidelite w ak delivrans ou.
Mwen pa kache bonte ou ak fidelite ou
Nan gran asanble a.
12 Ou menm,
Letènèl,
ou p ap refize m konpasyon ou.
Se pou bonte ou ak fidelite ou kontinye veye sou mwen.
13 Paske,
mechanste moun pa ka konte,
antoure m.
Inikite m yo pousuiv mwen.
Mwen pa ka gade yo,
Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen.
Fòs mwen abandone m.
14 O Letènèl,
pran plezi delivre m!
O Letènèl,
prese vin pote m sekou!
15 Moun k ap chèche detui lavi m yo,
Se pou yo tout wont,
se pou yo jennen.
Se pou yo fè bak,
se pou yo wont,
Moun ki ta renmen m peri yo.
16 Moun k ap di:
Aa!
Aa!
sou mwen yo,
Se pou yo pè tèlman yo wont.
17 Se pou tout moun k ap chèche ou fete,
Se pou yo rejwi nan ou.
Se pou moun ki renmen delivrans ou di san rete:
Se pou Letènèl egzalte.
18 Mwen pòv,
mwen endijan,
Men,
Senyè a panse avè m.
Ou se sekou mwen,
se ou ki delivre mwen;
Bondye mwen,
pa mize.