Devan lanmò
39
Pou Maestwo koral la,
Jedoutoun.
Yon sòm David.
2 Mwen te di m ap veye chemen m
Pou m pa peche ak lang mwen.
M ap mete yon fren nan bouch mwen,
Toutotan mechan an devan mwen.
3 Mwen ret bèbè,
nan silans.
Mwen fè silans,
lwen bonè.
Doulè m te ogmante.
4 Kè m te chofe anndan m,
Yon dife t ap boule pandan m t ap jemi.
Epi mwen pale ak lang mwen.
5 Letènèl,
fè m konnen kilè m ap mouri,
Di m konbyen jou mwen rete,
Pou m ka konnen se pase m ap pase.
6 Gade!
Ou bay jou m yo lajè yon pla men,
Epi lavi m pa anyen devan ou.
Wi,
tout moun ki kanpe pa plis pase yon vapè.
– Poze!
7 Wi,
lòm ap pwomennen tankou yon lonbraj.
Wi,
se anven l ap ba t kò li.
L ap anpile,
men li pa konnen kilès k ap vin ranmase.
8 Kounye a,
Senyè,
kisa mwen ka espere?
Se ou m ap tann.
9 Delivre m anba peche m yo.
Pa kite m wont anba moun fou.
10 Mwen ret bèbè,
mwen pa louvri bouch mwen.
Paske,
se ou menm k ap aji.
11 Epànye m anba kou w yo.
Mwen fini anba fòs men ou.
12 Ou chatye lòm pou pini l pou inikite l.
Ou wonje sa li genyen ki pi chè tankou mit.
Wi,
tout moun se vapè.
– Poze!
13 Letènèl,
tande priyè m,
koute kri mwen.
Pa fè silans devan kriye m yo.
Paske,
mwen se yon etranje devan w,
Yon abitan tankou tout zansèt mwen yo.
14 Wete je w sou mwen,
epi m a kontan ankò.
Anvan m ale,
anvan m tounen anyen.