Priyè yon moun ki rekonèt fot li
38
Yon sòm David.
Pou fè sonje.
2 Letènèl,
pa pini m lè ou fache,
Pa chatye m lè ou an kòlè.
3 Paske,
flèch ou yo pèse mwen;
Men ou peze mwen.
4 Akòz kòlè ou,
pa gen anyen ki an sante nan kò mwen.
Akòz peche m,
pa gen lapè nan zo mwen.
5 Paske,
inikite m yo depase tèt mwen.
Tankou yon fado lou,
yo twò lou pou mwen.
6 Maleng mwen yo santi,
y ap koule,
Akòz foli mwen.
7 Mwen bosi,
mwen akable anpil anpil.
Tout lajounen m ap mache nan tristès.
8 Ren m ranpli ak doulè k ap boule m,
Pa gen anyen ki an sante nan kò mwen.
9 Mwen san fòs,
mwen kraze anpil anpil;
M ap jemi akòz kè m k ap ajite.
10 Senyè,
tout dezi m devan ou.
Soupi m yo pa kache devan ou.
11 Kè m ajite,
fòs mwen abandone m.
Epitou,
je m pa ban m limyè ankò.
12 Moun ki renmen m yo ak zanmi m yo kanpe lwen maleng mwen yo;
Fanmi m yo kanpe lwen.
13 Moun k ap chèche pran lavi m yo tann pyèj pou mwen.
Moun ki vle malè rive m yo diskite mechanste.
Tout lajounen y ap medite pou fè manti.
14 Men,
mwen menm,
mwen tankou yon moun ki soud,
mwen pa tande.
Mwen tankou yon bèbè ki pa louvri bouch li.
15 Mwen tankou yon moun ki pa tande,
Yon moun ki pa gen repons nan bouch li.
16 Letènèl,
se ou m ap tann,
Ou menm,
Senyè mwen,
Bondye mwen,
w a reponn.
17 Paske,
mwen di:
Pa kite yo rejwi sou mwen,
Lè pye m glise,
pa kite yo leve tèt yo sou mwen.
18 Mwen prèt pou m tonbe,
Doulè mwen toujou devan m.
19 Mwen avwe inikite m.
Mwen twouble akòz peche m.
20 Lènmi m yo vivan,
yo fò.
Moun ki rayi m san rezon yo anpil.
21 Yo rann mwen mal pou byen.
Yo fè m lènmi,
paske m ap chèche fè byen.
22 Letènèl,
pa abandone m.
Bondye mwen,
pa rete lwen mwen.
23 Prese vin ede m,
Senyè mwen,
delivrans mwen.