Letènèl sove jis yo
37
Yon sòm David.
Pa fache kont mechan yo.
Pa rayi sò moun k ap fè mal yo.
2 Paske,
yo pral fennen tankou zèb,
byen vit.
Yo pral seche tankou zèb vèt.
3 Konfye w nan Letènèl epi fè sa ki byen.
Abite nan peyi a,
epi pran fidelite kòm manje.
4 Pran plezi ou nan Letènèl,
Epi l ap ba ou sa kè w vle.
5 Remèt kòz ou bay Letènèl,
Mete konfyans ou nan li,
epi l ap aji.
6 L a fè jistis ou parèt tankou limyè,
Epi dwa w tankou solèy midi.
7 Rete an silans devan Letènèl,
epi tann li;
Pa fache kont yon moun ki reyisi nan chemen li,
Kont yon moun k ap fè konplo.
8 Sispann fè kòlè,
kite fè move san;
Pa fache,
se mal ase sa mennen.
9 Paske,
Bondye ap disparèt mechan yo.
Men,
moun ki mete espwa yo nan Letènèl pral eritye peyi a.
10 Nan yon ti tan ankò,
mechan an p ap egziste ankò.
Ou va gade kote l te ye a,
li p ap la ankò.
11 Men,
malere yo ap posede peyi a.
Y a pran plezi yo nan anpil lapè.
12 Mechan an ap fè konplo kont jis la;
Li graje dan kont li.
13 Senyè a ri mechan an,
Paske,
li wè jou mechan an rive.
14 Mechan yo rale epe yo.
Yo pare banza yo pou jete malere a ak pòv la,
Pou asasinen moun k ap mache dwat yo.
15 Epe yo ap antre nan pwòp kè yo,
Epi banza yo ap kase.
16 Ti sa jis la genyen pi bon
Pase labondans anpil mechan.
17 Paske,
ponyèt mechan yo gen pou kase.
Men,
Letènèl ap soutni jis yo.
18 Letènèl konnen moun ki san repwòch,
Epi eritaj yo ap dire pou letènite.
19 Yo p ap wont nan tan malè;
Y ap rasazye nan jou grangou.
20 Paske,
mechan yo pral peri.
Epi lènmi Letènèl yo pral fini tankou pi bèl zèb,
Y ap fini tankou lafimen.
21 Mechan an prete,
men,
li pa remèt.
Jis la gen konpasyon,
epi li bay.
22 Paske,
moun Letènèl beni pral posede peyi a.
Men,
moun li modi pral disparèt.
23 Letènèl fè lòm mache fèm.
Li pran plezi nan mach li.
24 Si li tonbe,
li p ap rete atè.
Paske,
Letènèl kenbe men l.
25 Mwen te jèn,
kounye a mwen vin vye.
Men,
mwen pa janm wè jis abandone,
Ni desandans li ap mande pou l manje.
26 Li toujou gen konpasyon,
epi li prete.
Desandans li beni.
27 Kouri lwen mechanste,
fè byen.
Epi w ap viv pou tout tan.
28 Paske,
Letènèl renmen jistis.
Li p ap abandone fidèl li yo.
Li toujou ap veye sou yo.
Men,
li fè desandan mechan yo disparèt.
29 Jis yo va eritye peyi a,
Epi y ap abite ladan pou tout tan.
30 Bouch jis la selebre sajès,
Epi lang li pwoklame jistis.
31 Lalwa Bondye li nan kè li.
Li p ap glise nan mach li.
32 Mechan an gade jis la byen.
L ap chèche tiye l.
33 Letènèl p ap lage jis la nan men l.
Li p ap kondane l,
lè l ap jije.
34 Mete espwa ou nan Letènèl,
kenbe chemen li.
L ap leve ou pou w posede peyi a.
W ap wè sa,
lè mechan yo disparèt.
35 Mwen te wè mechan an nan pouvwa li;
Li layite l tankou yon pyebwa byen vèt.
36 Men,
li pase,
epi gade!
Li pa la ankò.
Mwen chèche l,
men,
mwen pa jwenn li.
37 Gade moun ki san repwòch la byen,
epi gade moun ki dwat la,
Paske,
avni moun sa a se lapè.
38 Tout moun ki rebèl yo ap detui ansanm.
Avni mechan yo ap disparèt.
39 Men,
delivrans moun ki jis yo soti nan Letènèl.
Li se refij yo nan tan detrès.
40 Letènèl ap ede yo,
l ap delivre yo.
L ap delivre yo anba mechan,
l ap sove yo.
Paske,
yo chèche refij yo nan li.