Bondye se sous lavi
36
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David,
sèvitè Letènèl.
2 Pawòl konsènan rebelyon mechan an nan fon kè mwen.
Pa gen krentif Bondye devan je li.
3 Li flate tèt li devan pwòp je li,
Lè li dekouvri inikite l epi lè li rayi.
4 Pawòl nan bouch li se manti ak trayizon.
Li sispann saj,
li sispann fè byen.
5 Li planifye inikite sou kabann li.
Li kanpe sou yon chemen ki pa bon.
Li pa rejte sa ki mal.
6 Letènèl,
bonte ou rive jis nan syèl.
Fidelite w rive jis nan nyaj yo.
7 Jistis ou tankou montay Bondye yo.
Jijman w tankou yon gwo abim.
Letènèl,
ou delivre ni moun ni bèt.
8 O Bondye,
ala gran valè bonte ou genyen!
Pitit lèzòm yo chèche refij anba lonbraj zèl ou.
9 Yo rasazye ak grès lakay ou.
Ou ba yo bwè nan rivyè ou ki bay plezi.
10 Paske,
se bò kote w sous lavi a ye.
Se nan limyè ou nou wè limyè.
11 Repann favè ou sou moun ki konnen ou.
Repann jistis ou sou moun ki gen kè yo dwat.
12 Pa kite pye awogan an rive pre m.
Pa kite men mechan yo fè m pran kouri.
13 Se la moun k ap komèt inikite yo ap tonbe.
Yo jete yo atè,
e yo pa ka leve.